Accessibility links

Breaking News

Pwochen Reinyon Bayèd'Fon Entènasyonal yo Sou Ayiti Nan Washington, DC


Sekretè-jeneral adjwen Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) Albert Ramdin, di Lavwad'lamerik gwoup rejyonal la ansanm ak lòt òganizasyon bilateral e miltilateral yo ap reyini 2 desanm kap vini an nan kapital federal Lèzetazini an Washinton pou diskite sou asistans y'ap bay Ayiti.

Anbasadè Ramdin di nan rankont sa a/ ki pral dewoule nan kad Club De Paris a/ yo pra l' prezante konklizyon dènye Konferans emisferik Meksik la kote bayèd'fon bilateral e multilateral yo te reyini sou koòdinasyon kooperasyon entènasyonal la anfavè Ayiti.” Nimero 2 OEA a pwofite anonse yon reinyon nan Pòtoprens nan komansman ane 2010 la pou bayè de fon yo pral ekzaminen si desizyon ki te adopte nan konferans Meksik la aplike.

Ann atandan, nouvo Premye-Minis ayisyen an, Jean-Max Bellerive, ki pwomèt plis efikasite nan jestyon aparèy leta a, ap fè fas ak anpil defi selon pwofesè relasyon entènasyonal Jn-Robert Simonise. Youn lnan defi ki devan nouvo gouvènman an, dapre misye Simonise se òganizasyon eleksyon kredib nan mwa fevriye ak mas ane 2010 la.

NB: Pou devlopman pwen sa yo ak lòt nouvèl ankò fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat paj web la.

XS
SM
MD
LG