Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA sou Maladi Dyabèt


Dènye rapò ki soti nan Federasyon Entènasyonal Dyabèt (FID) fè konnen anviwon 285 milyon mounn soufri ak maladi sa-a (maladi suk la) sou planèt la. E se mounn kap viv nan peyi an vwad devlopman yo ki premye viktim epidemi sa a. Dapre dènye statisik yo, anviwon 7 pousan populasyon mondyal-la ap soufri ak dyabèt ki touye anviwon 3,2 milyon mounn chak ane.

Pou doktè Nancy Charles Larco ki se responsab FADIMAK (Federasyon Ayisyèn Dyabèt ak Maladi Kadio-vaskulè) edikasyon, medikaman ak bon jan Disiplin se 3 pi pwo zanm pou konbat e preveni dyabet-la. Yon rapò FADIMAK pibye, sa pa gen lontan, ki fè konnen anviwon 7 pousan populasyon aysiyèn nan ki sipeyrè a 30 an soufri maladi suk la.

An prelid a jounen mondyal Dyabèt la,Nan pwogram Lib Tribin 11 novanm nan Sevis Kreyòl Lavwadlamerik-la te fè deba sou maladi sa a avek 2 ekspèr, doktè René Charles, pezidan FADIMAK ak tokay li, Jean-Robert Chery, yon entènis ki tnan New-York.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute Pwogram Lib Tribin VOA a

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG