Accessibility links

Breaking News

Jean-Max Bellerive Ofisyèlman Premye Minis Ayisyen


Seremoni envestiti nouvo premye minis ayisyen an, Jean-Max Bellerive, ak tout kabinè ministeryè li a dewoule jodi nan palè nasyonal. Mesye Bellerive franchi dezyem etap palman an madi swa apre yon seyans 8 tè d’ tan kote 70 depite sou 74 ratifye enonse politik jeneral li a.

Premye minis la pa anonse ankenn nouvote, men pito yon chanjman apwòch pa rapò a ansyen gouvènman an. Depite Hugue Celestin, yon disidan Platfom Lespwa (Limonade/Quartier Morin, depatman Nò) ak tokay li Arène Dieujuste (MOCHRENA/Gonaives depatman atibonit) kritike pwogram premye minis la, yo di se yon fotokopi pwogram ansyen minis Michèle Duvivier Pierre-Louis ke sena a te depoze nan dat 30 oktob. Yo pwofite kritike enkonpetans kèk minis premye minis la rekonduyi nan nouvo gouvènman an.

Kabinè ministeryèl nouvo premye minis la mande yon lòt chans pou pwouve li vle travay pou peyi a. E chanm bas la di li dakò ba yo chans sa a, pou anpeche peyi a bloke. Nouvo premye minis fè konnen aksyon gouvènman an pral chita sou 3 aks : Edikasyon, Sante, Kreaysyon djòb ak dyalòg.

Sena a te ratifye politik jeneral nouvo premye minis la lendi 9 novanm nan. Mesye Bellerive se kenzyèm premye minis peyi Dayiti depi sistèm gouvenman bi-sefal la te adopte nan peyi a nan komansman ane 1988 avek gouvenman Leslie Manigat-Martial Celstin soti fevrye pou rive an jen 1988.

Si ou ta renmen koute deklarasyon Msye Bellerive, Prezidan René Préval, ak reyaksyon sektè diplomatik la, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj web la.

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG