Accessibility links

Breaking News

Depite yo Dakò pou Ratifye Politik Jeneral Nouvo Premye Minis Ayisyen an


Premye minis aysiyen an, Jean-Max Bellerive, trouve l kounye a nan Chanm Depite a, kote palmantè yo ap fè deba sou Deklarasyon Politik Jeneral gouvènman n’ nan.

Depite Louis Marie Daniel, ki pale ak Lavwadlamerik, fè konnen palmantè yo dakò pou ratifye politik jeneral nouvo gouvènman an. Palmantè a di « depite yo rekonèt plizyè pami minis nouvo kabinè a pa tap regle anyen serye. »

Prezidan komisyon jistis chanm bas la, Depite Arsène Dieujuste, bò kote pa l’ denonse sa li rele enkonpetans pifò pami minis yo. Palmantè a di « ratifikasyon politik jeneral premye minis Bellerive se yon senp fòmalite. Sepandan, nouvèl ekip la kapab echwe akoz enkonpetans li. »

Kabinè ministeryèl nouvo premye minis la mande yon lòt chans pou pwouve li vle travay pou peyi a. E chanm bas la di li dakò ba yo chans sa a, pou anpeche peyi a bloke.

Tèks sa a ekri nan moman palmantè yo tap fè deba sou politik jeneral premye minis Jean-Max Bellerive nan chanm bas la.

XS
SM
MD
LG