Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ratifye Jn-Max Bellerive Prezante Politik Jeneral li Devan Sena Ayisyen an


Ratifikasyon Premye Minis-deziye Ayiti a, Jn-Max Bellerive, antre nan dènye faz li, apre apwobasyon li te jwenn nan 2 Chanm yo vandredi ak samdi ki sot' pase a. Jodi a, Msye Bellerive anonse Kabinè li e li prezante devan Sena a pou Deklarasyon Politik Jeneral li.

Nan tèks Deklarasyon Politik Jeneral la ke laprès jwenn, Msye Bellerive mete aksan sou kwasans ekonomik, kreyasyon anplwa, travay pou mete enfrastrikti nan peyi a (wout, pon, elektrisite elt.) pou n'site kèk pwen sa yo sèlman. Deklarasyon an di jenès ayisyèn nan ap jwenn yon atansyon espesyal sou nouvo gouvènman sa a, dapre korespondan nou nan Pòtoprens. An jeneral, pa sanble gen twòp chanjman parapò ak pwogram gouvènman Senatè yo te ranvèse nan vòt non-konfyans jedi 29 oktòb pase a.

Anvan seyans jodi a, Senatè Edmonde Bauzile te di Lavwadlamerik li pa kwè gen anpil chans pou Jn-Max Bellerive ta tonbe nan faz sa a nan ratifikasyon an, kèlkeswa prezantasyon li fè lendi 9 novanm nan devan Sena Repiblik la.

Si ou ta renmen koute repòtaj Rotchild François, Jr. ak kòmantè Senatè Edmonde Bauzile yo, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG