Accessibility links

Breaking News

Fiziyad Nan Yon Baz Lame Nan Eta Tekzas: 13 Moun Mouri, 30 Blese




Yon ofisye lame amerikèn nan, e petèt 2 konplis li, louvri kout-zam nan yon gwo baz militè jedi apre midi nan Eta Tekzas e pran lavi omwen 13 moun e blese 30 lòt. Otorite yo nan Tekzas idantifye sispèk ki komèt zak sa a kòm Majò Nidal Malik Hasan.

Kòmandan Fort Hood la, Lyetnan-Jeneral Bob Cone, di ofisye a te tonbe tire nan yon batiman kote sòlda ap fè dènye preparasyon pou yo ale swa nan Irak ou nan Afghanistan. Jenral la fè konnen sispèk la te genyen 2 "revolvè" e se posib ke l' te genyen 2 konplis ak li.

Jeneral Cone presize asayan an "mouri nan atak la" e misye se yon sòlda ameriken. Li di "Nou poze-men sou 2 lòt sòlda nou sispèk ki te patisipe nan aksyon an".

Men nouvèl ki tonbe vè 03:30gmt (10 zè edmi diswa, lè Washington) fè konnen Hasan senpleman blese e li anba men otorite yo pandan lap resevwa swen nan lopital. Nidal Malik Hasan se yon ameriken-jòdanyen, yon medsen-sikyat nan lame a e yon mizilman.


Jeneral Cone endike, dapre plizyè temwen 2 lòt sòlda te tire kout zam tou epi yo kouri, men fòs sekirite jwenn yo andedan yon kay ki toupre lokal ensidan an. Kòmandan Cone kalifye zak la kòm yon "terib ensidan e yon trajedi ki choke lespri moun".

Otorite and obsèvatè yo sezi ke nonm ki komèt zak sa a se yon militè. Grad Majò se katriyèm nan yerachi lame a ki genyen 10. Nouvèl yo di Hasan preske genyen 40 tan.

Responsab yo pa di ki rezon ou motif ki pouse misye poze zak sa a. Atache laprès Depatman Defans Etazini an, Pentagòn nan, Geoff Morrell, di li twò bonè pou eseye eksplike ki motif ki pouse Hasan komèt aksyon sa a. "Mwen pa konnen kòman kèlkeswa moun nan ka fè spekilasyon sou motif, lè'm konsidre tikras detay nou genyen yo".
Fort Hood se youn nan pi gwo baz lame amerik nan nan lemond. Apeprè 30.000 sòlda ak sivil ap travay ladan, san bliye plizyè milye fanmi sòlda ki abite nan baz la. Anplis moun sa yo, genyen 30 mil sòlda ki sòti nan Fort Hood ki aktyèlman an misyon aletranje.

(ann angle)


XS
SM
MD
LG