Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA Sou Envestisman Ann Ayiti Apre Ranvwa Premye Minis Ayisyen an, Michele Duvivier Pierre-Louis


Mwens ke yon semèn apre Sena ayisyen an, ak yon majorite ki anfavè Prezidan René Préval, te vote pou ranvwaye gouvènman Premye-Minis Michèle Duvivier Pierre-Louis a, atansyon tout moun fikse sou etap ratifikasyon nouvo Chèf Gouvènman an, ansyen Minis Planifikasyon an, Jn-Max Bellerive.

Antretan, menm kesyon analis yo tap poze anvan seyans jedi 29 oktòb la—Eske depa Madam Pierre-Louis a ap gen yon enpak kèlkonk sou envestisman ann Ayiti?—menm kesyon sa a toujou nan aktyalite a, omwen annatandan yon nouvo Kabinè enstale nan Pòtoprens.

Opinyon yo pataje sou kesyon sa a pami ekonomis ki pale ak Lavwadlamerik yo. Genyen ki kwè chanjman politik sa a pap afekte ditou pèspektiv envestisman ki kreye—oubyen ki vin amelyore—avèk dènye misyon ansyen Prezidan Bill Clinton sot’ fè nan peyi a tou dènyèman la a. Gen lòt, poutan, ki di, tout siy enstabilite, ak mank “continuité” nan aparèy leta a, ap voye move siyal bay envestisè yo.

Pou fè “le point” sou kesyon an, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, envite yon ekonomis ak yon lidè nan sektè dafè a ann Ayiti, pou reponn kesyon oditè yo jodi a nan pwogram “Lib Tribin” li a, “Dyaloge avèk Lèzetazini”. Harry J. Fouché, k’ ap travay nan Biwo Analiz ak Enfòmasyon ekonomik Depatman Sekirite Anplwa nan Eta Illinois, epi Georges Barau Sassine, ki pwopriyetè konpayi A.G. Textiles S.A. e Prezidan Asosyasyon Endistri Ayiti (ADIH), nan Pòtoprens.

Ou kapab koute edisyon Dyaloge ak Etazini mèkredi 4 novanm 2009 la si ou tcheke ralonj ki anwo, adwa paj web sa a

XS
SM
MD
LG