Accessibility links

Breaking News

Dany Laferrière : Pri Médicis 2009


Pri Médicis 2009 la al jwenn ekriven ayisyen-kanadyen Dany Laferrière pou nouvo woman n' nan “L’Enigme du Retour " ki parèt nan mezon edisyon "Grasset", nan peyi Lafrans

Mesye Laferrière, ki fè anpil enpresyon sou manm jiri a, ranpòte pri a depi nan pre tou skriten an. Pri Médicis se youn pami senk gran pri literè fransè ki gen plis prestij nan lemond. Ane pase, se Jean-Marie Blas de Roblès ki te ranpòte l' pou woman: "Là où les tigres sont chez eux

Dany Laferrière--womansye, powèt, senaris, sineyas--te pran nesan nan Pòtoprens (Ayiti) an 1953. Li pase tan li ant Montréal (Canada) e Miami (Etazini), kote li genyen rezidans.

Pou Charles Dantzig, editè otè a kay Grasset, Dany Laferrière se “yon ekriven ki gen yon "grande élégance" nan fòm ekriti li.

Dany Laferrière ekri plis pase yon ventèn liv e li deja ranpòte plizyè lòt pri-- pami yo pri RFO 2002 a.

Jbeliz@voanews.com

XS
SM
MD
LG