Accessibility links

Breaking News

Kreyòl-Pale:Marye, Maryaj, Maryaj Sivil, Maryaj-Rezidans, Maryaj-Lwa


Anpil moun toujou reve yon jou yo va rankontre ak kretyen-vivan yo pral fè vi yo avèk li a. Nan ka mesye yo, dam yo pral marye ak li a e nan ka medam yo, nèg yo pral pase kòd nan kou l' la.

Eskize’m, mesyedam Lasosyete si’m anplwaye yon ekspresyon "macho" ki ta vle fè konprann kòmkwa lè yon fi antre legliz ak yon gason, se yon kòd li pase nan tèt nèg la, kòmkidire se yon bèt li pral mennen labatwa. Non, mwen pa panse sa e mwen di’n li "la pou la".

Antre legliz, pase kòd nan tèt, se 2 fason nan lang kreyòl ayisyen an nou kapab di 2 kretyen-vivan pral marye “ding, deng, dong”.

Maryaj, se yon inyon ant 2 moun ki damou e ki vle pase vi yo ansanm, an jeneral ant yon fi ak yon gason. Mo sa a sòti nan vèb franse: marier, se marier.

Kèk jou anvan maryaj yo, 2 fiyanse yo pibliye Ban. Siman nou abitye tande ekspreson sa a. Sepandan, map di’n kareman se pa ban andedan legliz la pè a pral pibliye, ni vann alakriye piblik.

Piblye ban, se senpleman yon anons ki fèt nan nivo legliz la pou anonse pawasyen ak fidèl yo genyen 2 jèn-jan nan kominote a ki deside marye nan legliz la e maryaj la ap fèt tèl ou tèl dat. Se tout! “Elizabeth, ou pa tande nouvèl, pitit ?

Ki nouvèl sa a, kase moso ban mwen, non, monchè ! Mwen aprann Natacha ak Stanley pral marye. Yo menm deja pibliye ban !

Pibliye ban vle di: anons lan deja fèt nan nivo legliz la. “L'Église a publié les bans (ban sa a ekri au pluriel b.a.n.s) e an jeneral se nan papòt legliz la, nan pòt d’entrée, yo afiche anons la. "Les bans de mariage sont affichés à la porte de l'Église".

Anvan, 2 moun marye legliz, devan lasosyete, yo marye sivil (ou pase ak sivil); sètadi ale devan yon pèsonalite ki reprezante Leta (nan ka sa a officier d’état civil la) pou li marye yo. Se yon akt Ofisyèl !

An jeneral, mesyedam yo bezwen yon “bag maryaj” ki pral senbolize inyon yo a e apre yo va genyen pou ya l’ beni bag la (alliance, an franse) nan maryaj legliz la, si ap gen seremoni legliz paske se pa tout moun ki al marye legliz. Men, sèten granmoun nan peyi Dayiti rele maryaj sa a:plasay onèt (concubinage) ou ankò maryaj sivil antere-vèbal, kòmkidire yon vye maryaj, yon maryaj tèt-chat.

Nan lang kreyòl la, genyen plizyè lòt ekspresyon ki mache ak mo maryaj la. Genyen maryaj Biznis ou ankò maryaj rezidans. Maryaj sa yo, se inyon ant 2 moun ki pa genyen okenn rapò avèk lanmou.

Se yon maryaj kote yon elman (fi ou gason) kapab peye kòb pou’l marye ak yon lòt ki rezide legalman nan yon peyi etranje swa Ozetazini, O Kanada ou an Frans, elatriye. pou’l kapab vwayaje ak rezidans.

Yo ka rele maryaj sa yo tou: maryaj-viza, maryaj-bouss ou maryaj-enterè. Men marye pafwa nan lang kreyòl ayisyen an konn pa gen okenn rapò ak seremoni maryaj ant 2 moun ki damou, menm lè li sòti nan vèb marye. Pa ekzanp, amatè jwèt bòlet yo konn marye 2 boul: 200 ak 002; 151 ak 276. Si yo tou 2 sòti lò tiraj lotri a, jwè a double e menm triple lajan li te mize a, e lè konsa yo di li sòti, li genyen nan "maryaj".

Yon lòt ekzanp, nan kanaval ak rara nan peyi Dayiti, lè yon jèn-jan rankontre ak yon jèn fi nan anbyans sa a e yo tonbe ansanm, kole-sere: zòt di yo marye pou 10.

Mwen konnen semèn sa a, nan peyi Dayiti, Gen zòt ki pral marye ak mistè:Èzili, Dambala ou ak Papa Gede (1), konprann yon pral pase yon pakt ak lwa, ak mistè sa yo pou yo sèvi pou yo lavi diran.

Men si m' rete mwen di n' ponyèt ak zam marye nan lari Pòtoprens… konprann se afwontman, batay kout-pwen ak kout fizi kap tire kote pwobableman san koule e moun pèdi lavi yo.

(1) Ezili, Dambala, Brav Gede, se lwa nan relijyon vodou a.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG