Accessibility links

Breaking News

Faz Dechoukaj U-17 la ap Demare 4 Novanm


Foutbòl/ Koup du Mond

8 tièm de final koup du mond U-17 la ap demare Mèkredi 4 Novanm lè Arjantin ak rankontre Kolonbi, Turki kont Emira Arab Uni yo, laSwis kont Almay epi Itali kont Etazini. Venkè yo ap kalifye pou kar de final la.

Sou kontinan Eropeyen an balon pral woule nan koup UEFA a Madi 3 Novanm nan lè Inter de Milan kont Dinamo de Kyèv. Liverpool kont Lyon. Bayern de Munich ap akeyi Bordo nan group A a. Juventus de Turen ap jwe an deplasman lakay klub Izrayelyen Maccabi Haifa. Se kèk pami rankont kap dewoule nan koup UEFA a.

Foutbòl/ Ayiti U-17

Seleksyon foutbò̀l feminen ayisyen an fè yon sèl bouche ak Il Vyèj Britanik yo ak yon viktwa 24 a 0 nan kad match eliminatwa koup du mond feminen U-17 la kap dewoule nan Pòtoprens. Nan lòt rankont Bahamas tonbe 2 a 1 fas Il Cayiman yo. Demen Mèkredi Il Vyèj Britanik yo kont Il Kayiman epi Ayiti kont Bahamas. Venkè group la ap kalifye pou pwochen faz eliminatwa koup du mond la.

Foutbòl/ Beckham

Los Anjeles Galaksi anonse li jwen yon antant ak Milan AC kap pèmèt David Beckham retounen nan klub la pandan sezon ete a. Beckham espere pèfòmans li nan Milan AC ap konvenk antrenè seleksyon Angle a Fabio Capello konvoke l nan seleksyon an kote li déjà jwe 115 match.

Baskètbòl/ NBA

Charlotte Bobcats wouze New Jersey Nets 79 a 68 nan chanpyona nasyonal basketball NBA a. New York Knicks te fè anpil efò avan li kale New Orleans Hornets 117-111. Houston Rockets te konbine efò l pou l kale Utah Jazz 113 a 96. Sacramento Kings te bezwen pwolongasyon pou l kale Memphis Grizzlies 127 a 116. Los Anjeles Clippers ranpòte yon viktwa tou mens devan Minnesota Timberwolves 93 a 90.

Foutbòl/ Ameriken

New Orleans Saints rete envenku nan lig foutbòl zèpòl kare ameriken an apre viktwa 35 a 27 yo ranpòte devan Atlanta Falcons yè swa.

Agassi/ Dròg

Ajans Anti Dopaj Mondyal la mande otorite yo pran an konsiderasyon revelasyon ansyen vedèt tenis ameriken Andre Agassi fè kòm kwa li ta konsome dròg an 1997. Direktè ajans la David Howman di menm si aksyon Agassi rive depi plis pase 10 zan sa pa anpeche yo analize l. Responsab la di li ta renmen responsab yo konsidere si Agassi ta bay manti nan deklarasyon li te fè nan epòk la apre li te teste pozitif pou anabolizan. Agassi fè revelasyon an nan yon liv li pibliye sou karyè l.

XS
SM
MD
LG