Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Apre Premye Minis Pierre-Louis a Koumanse E Li Chaje Ensètitid


Yon van ensètitid ap soufle sou peyi Dayiti apre 18 senatè vote nan nuit jedi pou louvri vandredi 30 oktòb 2009 la pou pouse do premye minis ayisyen an, Michèle D. Pierre Louis, ki pat prezante devan Gran Kò a jedi pou l bay kont randu sou jestyon $197 milyon dola palman an te otorize l depanse apre pasaj yon seri siklòn sou peyi Dayiti nan ane 2008.

Prezidan ayisyen an, René Préval, deja fè yon premye chita-tande menm vandredi a nan Palè Nasyonal ak prezidan 2 Chanm Asanble Nasyonal la pou diskite sou chwa yon nouvo premye minis.

Reyaksyon peyi zanmi e alye Ayiti yo: Anbasad amerikèn nan nan Pòtoprens di " li respekte rezilta pwosesis demokratik la An'n Ayiti e ki debouche sou desizyon Sena ayisyen an pran kont gouvènman premye minis Michèle Pierre-Louis a. "Avni Ayiti nan men pèp ayisyen", selon yon nòt anbasad la pibliye vandredi apre midi 30 oktòb la nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens.

Deklarasyon misyon diplomatik Etazini an ajoute ansyèn premye minis la "te reprezante yon fason valab enterè peyi li e li te yon patnè enpòtan nan dyalòg ki ekziste ant Ayiti ak Etazini. E anbasad la salye efò gouvènman ansyèn premye minis la te deplwaye apre move tan ane 2008 la yo pou rekonstwi zòn devaste yo--efò ki merite yon kout chapo espesyal.

E misyon diplomatik Etazini an di li onore deske li te genyen opòtinite travay ak madam Pierre-Louis e ak gouvènman li an, e lap kontan kontinye relasyon travay pozitif sa a avèk pwochen premye minis la ".

Nan yon lòt reyaksyon sou rezolisyon ki voye gouvènman Pierre-Louis a ale a, chèf Komisyon Ewopeyèn nan ann' Ayiti, Francesco Gosseti, di Lavwadlamerik kooperasyon ant leta ayisyen ak Unyon Ewopeyèn kapab bloke si prezidan Préval pa nonmen yon premye minis nan 45 jou.

Yon lòt kote, Sekretè jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, OEA, José Miguel Insulza,deklare òganizasyon rejyonal la pa pral fè kòmantè sou desizyon Sena ayisyen an ki se yon desizyon ki antre nan dwa gran moun enstitisyon sa a, sitou lè desizyon an konfòm avèk lalwa. Sepandan, misye Insulza eksprime apresyasyon li pou ansyèn premye minis Pierre-Louis ak ekip li tap dirije a pou travay yo akonpli pou byennèt pèp ayisyen an.

Bò pa li, Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti (Minustah) mande enstalasyon yon nouvo Premye Minis pou ranplase Michèle Duvivier Pierre Louis.

Nan yon nòt deklarasyon li pibliye nan Pòtoprens, Misyon an di li enpòtan pou gen yon nouvo gouvènman pou evite enstabilite ki kapab dekouraje envestisman nan peyi a.

Ansyèn premyè minis Pierre-Louis te nan syèj gouvènman an vandredi, men li pat antre nan biwo li, dapre korespondans nou jwenn depi kapital ayisyèn nan, vil Pòtoprens.

NB: Pou plis reyaksyon diferan aktè nasyonal e entènasyonal sou dosye revokasyon premye minis Pierre-Louis a, fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat paj web la.

Jbjacque@voanews.com


XS
SM
MD
LG