Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Michèle Pierre-Louis Pa Reponn Konvokasyon Senatè Lespwa yo


Ann Ayiti, Sena a òganize yon seyans jedi apremidi pou deside avni gouvènman premye-Minis Michèle Duvivier Pierre-Louis a. 7 Senatè te entwodui pwopozisyon pou entèpelasyon Premye-Minis la, nan yon seyans ki te dewoule 22 oktob pase a. Senatè yo ap chèche konnen kijan gouvènman an depanse 197 milyon dola nan Fond Petrocaribe (pou ede rejyon sinistre apre pasaj 4 move tan ane 2008 la) depanse.

Petrocaribe, se yon inisyativ peyi Venezuela pou ede peyi nan rejyon karayib la. Nan kad inisyativ sa a Caracas pèmèt peyi karibeyen yo achte pwodui petwolye a pri ki pi ba ke pri ya'p vann sou mache a e lajan yo ekonomize sou gazolinn yo achte a meyè mache a prale nan yon fon ki va sèvi pou repeye prè a nan 25 kan a yon to enterè 1% .

Yè apre midi prezidan Sena a, Kelly Bastien konfime li resevwa yon lèt madam Pierre-Louis kote premye minis la di li pa pral nan seyans depozisyon an paske "desizyon pou senatè yo voye gouvènman li an ale, se yon desizyon yo deja pran, dapre deklarasyon plizyè nan yo fè sou lèzond nan peyi Dayiti e aletranje.

Madan Pierre-Louis di nan "moman efò sou pye pou Ayiti pote-kole ak Kominote entènasyonal la e genyen devan l posibilite pou antreprenè nasyonal e entènasyonal vinn envesti nan peyi a pou amelyore lavi popilasyon ayisyèn nan, gouvènman mwen an deside li pa pral patisipe nan seyans depozisyon an. Li ajoute "Mwen kite senatè de La Repiblik yo pran responsabilite yo devan nasyon an."

Mèkredi swa madam Pierre-Louis te fè yon dènye tantativ pou retade seyans odisyon senatè yo, lè li mande senatè yo voye ba li pwosè-vèbal seyans kote yo te deside yo pral konvoke li a e sou ki tèm yo pral poze l' kesyon. Men Sena a te refuze soumèt Primati a pwosè-vèbal seyans 22 oktob la ni kesyon ki ta pral nan deba jedi apremidi 29 oktòb la.

Nan diskisyon koulwa ki tap fèt jedi apre midi nan lokal Sena a, sèten senatè ki kont chèf gouvènman an deklare refi premye minis Pierre-Louis pou'l vinn pa pran pa nan seyans lan, se deja "yon manke dega e rezon sa a sèlman merite pou nou voye li ale".

Antretan, nan milye diplomatik yo nan Pòtoprens, reprezantan sèten peyi zanmi Ayiti pa kache enkyetid yo sou konsekans yon vòt-sanksyon kont premye minis Pierre-Louis kapab genyen pou stabilite peyi Dayiti--yon devlopman ki kapab nui peyi an anpil nan stad li ye jounen jodi a.

NB:Pou yon lide sou pwen sa yo, fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat paj-wèb la pou'w tande repòtaj patnè ak korespondan nou yo sou sitiasyon an.

Pou koumanse, nou va koute yon kont randi sou jan sitiasyon an te prezante jedi apre midi anvan 17 heures PM nan Chanm Wot la. Lavwd’lamerik te kontakte Depute Louis-Marie Daniel, ki te prezan nan kòmansman seyans entèpelasyon an.

XS
SM
MD
LG