Accessibility links

Breaking News

Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Frèt, Fredi, Frèt Ak


Apre yon bèl gabèl, yon bèl lalad, tanperati a koumanse ap chanje bò isit la. Depi dezoutwa jou, genyen yon tan frèt kap fè’n siyon, genyen yon van frèt kap vante, kap soufle e bagay sa a pa fè’m plezi menm. Mo frèt la, se pa yon mo, mwen renmen ditou, ditou. Pou divès rezon, dayè !

Nan peyi mwen, nou asosye frèt ak lanmò. Wouy, pa manyen m' ak men frèt ou a ! Men pitit la frèt, ou pa ta di men mò !

Yo, rele simityè ak tonm kote yo antre mò yo:“sejou lè mò”. E nan kwayans popilè a, se yon kote ki frèt anpil. Zòt di tou, frèt pase nen chen ! Plus froid que le nez (le museau) d'un chien. Plus froid que de la glace: frèt pase glas !

Le séjour des morts, la descente aux enfers, an franse" (1). Sepandan, frèt, pa toujou asosye ak fredi. Wi, pafwa yo asosye frèt ak kalm ou ak endiferans. Ekzanp, lari a, frèt maten an ! konprann genyen yon kalm, pa genyen gwo aktivite kap dewoule. Lari a trankil---ki pa finn yon twò move bagay, an pasan.

Trankil, mwen sòt site la a, nou rankontre l' nan ekspresyon sa a:kijan Jeannine frèt konsa a aswè a ? Siman, se dwe paske manman l' pati a !

Ou ankò nan ekspresyon sa a: sa k' fè ou cho a, la fè ou frèt... Kidonk, lap fè’w rete kò ou dousman, rete kò ou trankil. Sa a tou, se yon bon bagay, paske papa’m toujou di "ret trankil, se remèd kò".

"Kite manje a, frèt anvan ou manje l' ! se yon rekòmandasyon ou fè ou yon lòd ou pase pou di moun nan kite manje a refwadi pou’l pa boule bouch li... malgre gen moun ki pa manje anyen frèt.

Pa manje anyen frèt, se kapab yon moun ki renmen manje cho, sètadi, ki gen anpil epis, anpil piman. Men tout se kapab yon moun ki pa pè akwochay, ki pa pè chalè. Se san doute pou sa gen yon ekspresyon kreyòl nan peyi Dayiti ki di: mwen se kiyè bwa, mwen pa pè chalè !

Nan peyi m', sou bitasyon grann mwen, genyen yon tè nan rejyon Pennsik (pain-de-sucre), peyizan yo pa renmen ditou. Yo di: li se yon vye tè frèt.

Yon tè frèt, mezanmi, se yon tè ki pa pwodui anpil, ki pa bay anpil randman lè ou plante jaden ou ladan. Si ou vle jaden ou donnen, se plante’l nan "tè cho". Tè frèt bon pou plante kafe.

Frèt tou kapab asosye ak lafyèv. Ekzanp: depi m' maten, Maryse ap plenyen ak yon san frèt, siman se yon vye lafyèv frison kap boulvèse li.

Epitou, genyen frèt ak.

Frèt ak se yon atitud, yon konpòtman yon moun genyen vizavi ou.

Lè ou remake sa, ou mèt konnen, siman ou dwe di ou fè moun ki frèt avèk ou a kichoy ki pa fè l' plezi. Gen kote yo rele sa “ make fwadè". "Sa fè 3 jou, mennaj mwen frèt nèt avè’m, mwen pa konnen sa’m fè l' !

Doudou, di’m pouki ou frèt avè’m konsa a, non cheri ? (konprann: poukisa ou endiferan konsa a avèk mwen?)

"A a a, fi sa a, se yon kout dlo cho, yon kout dlo frèt ! Sa ki vle di, se yon lè li sou bò ou e yon lòt lè li pa sou bò ou."

Closing: Se te Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann, yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG