Anpil ayisyen ki soti tout patou nan Eta Florid fè manifestasyon nan apremidi 26 obtòb la nan Miami kote prezidan ameriken an, Barack Obama, vin patisipe nan kolèk lajan pou kandida demokrat yo.
Jounalis ayisyen, Pierre-Nazon Baulière, ki te sou plas nan moman manifestan yo te kòmanse ransanble ak pankat nan men yo, tap reklame stati pwoteksyon tanporè (TPS) pou ayisyen ki pa gen papye legal. Kominote ispanik la te pran beton an tou bò kote Ayisyen yo tou pre otèl kote prezidan Obama desann nan.
Yon pòtpawòl kowalisyon Imigran yo nan Florid la, Francesca Menès, di Lavwadlamerik yo pral kontinye mobilize pou reklame TPS pou imigran ayisyen yo.
klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute nouvèl 26 oktòb yo.