Accessibility links

Breaking News

Mirlande Manigat Fikse Pozisyon n Sou Nouvo Konsèy Elektoral Ayiti a


Nan ane 2010 la Ayiti pral genyen yon kalandriye elektoral trè chaje. Dwe gen eleksyon pou yon tyè Sena a, pou tout Chanm Depite a, pou Majistra Kominal, pou Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal ak Delege vil, epi pou Prezidan Repiblik la. Omwen yon pati nan eleksyon sa yo ap sou kont yon Konsèy Elektoral Pwovizwa, ki sot’ prete sèman semèn pase a.

Lidè pati RDNP a (Rasanbleman Demokrat Nasyono-Pwogresis), Mirlande Manigat, fikse pozisyon n' sou nouvo KEP sa a, nan yon tikoze li fè dimanch 25 oktòb la ak Sèvis Kreyòl Vwadlamerik la, pandan li te nan New York. Malgre li se manm yon konvansyon pati politik ki gen pwoblèm ak fason KEP a re-fòme a, li deklare li pap pote jijman negatif pazavan li pa wè kouman ekip sa a ap travay. Men li pa ba yo yon chèk-an-blan.

Madan Manigat fè pati tou yon Platfòm politik ki poko deziye kandida-a-la-prezidans li ofisyèlman, sepandan tout siy fè kwè se lidè RDNP a ki pral reprezante kowalisyon sa a nan eleksyon prezidansyèl 2010 yo.

Ou kapab koute tout interview a nèt, si ou fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG