Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Prim pou Kourè Jamayiken Usain Bolt


Atletisme/ Jamayik

Gouvènman Jamayiken onore youn pami meyè atlèt peyi janm konnen.Lendi 19 Oktòb la gouvènman an bay kourè Jamayiken Usain Bolt pri òd e merit. Se pi gwo onè gouvènman kapab ofri yon pèsonalite. Usain Bolt se aktyèl detantè kous 100 ak 200 mèt endividyèl. An plis de pri a, responsab yo te deja nonmen yon otowout nan onè atlèt la.

Foutbòl / Afrik du Sud

Federasyon Foutbòl Afrik du Sud la anonse li jwenn yon antant alamyab ak antrenè seleksyon an Brezilyen Joel Santana pou l demisyone imedyatman apre 8 defèt Sud Afriken yo subi sou yon total 9 rankont. Responsab yo pral diskite yon ranplasman posib nan okazyon reyunyon yap fè Vandredi 23 Oktòb la.

Foutbòl/ Angletè

Federasyon Foutbòl Angle a rale zòrèy antrenè Manchester United Alex Fergusson pou move kondwit apre li te kesyone abilite fizik yon abit. Fergusson te prezante ekskiz apre ensidan an

Foutbòl / US/ Milan AC

Defansè seleksyon foutbòl ameriken Oguchi Onyewu ap subi yon operasyon nan jenou demen Mèkredi a apre shòk li te subi Mèkredi 14 Oktòb la nan Match kalifikatif koup du mond Etazini te jwe kont Kosta Rika.

Responsab yo nan Milan AC, kote foutbolè a ap evolye, di yo espere federasyon foutbòl ameriken an ap dedomaje klub la pou sèvis yo pap genyen pandan periòd gerizon an.

Foutbòl/ Eròp

Nan match de baraj pou kontinan Eropeyen an la Frans ap rankontre Irland. Pòtugal / Bosni Herzegovinn, la Rusi kont Sloveni epi la Grès kont Ukrènn.

Match ale a ap jwe Samdi 14 Novanm epi match retou a fikse pou Mèkredi 18 Novanm. 4 venkè yo ap kalifye pou 4 dènye plas ki disponib pou zòn Eropeyen an nan faz final koup du mond Afrik du Sud 2010 kap jwe soti 11 Jwen pou rive 11 Juyè 2010.

Foutbòl/ Etazini

Denver Broncos ranpòte 6 zièm viktwa afile l nan chanpyona foutbòl zèpòl kare ameriken an. Yè Lendi a Broncos pilon-nen San Diego Chargers 34 a 23. Viktwa a mete Broncos nan tèt klasman divizyon Lwès konferans foutbòl ameriken an devan Chargers yo ki gen 2 viktwa ak 3 defèt.

Cyclisme/ Klasman

Unyon siklis entènasyonal la publiye klasman final li pou sezon 2009 la. Nan tèt klasman an nou jwen chanpyon an tit Tour de Frans la espayòl Alberto Contador. Espayòl Alejandro Valverde fini 2 zièm. Nan klasman par ekip nou jwen klub Kazakshtan Astana. Caisse dEspay klase 2 zièm epi Kolonbya HTS, yon klub ameriken, klase 3 zièm

XS
SM
MD
LG