Accessibility links

Breaking News

Sektè Politik Ayisyen an Divize Sou Fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a


Pouvwa ekzektif la ap pare pou l enstale nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a jounen madi 20 oktòb la. Manm nouvo KEP a pral gen pou prete sèman nan palman ayisyen an avan esntalasyon ofisyèl yo nan buwo Konsèy Elektoral la.

Gen 4 nouvo enstitisyon ki deziye manm yo pou reprezante yo andan KEP tandi ke 5 lòt ensitisyon rekonduyi mounn ki te déjà reprezante yo tankou Oganizasyon Fanm, sektè andikape-a, legliz episkopal ak pwotestan. Legliz katolik desizye Pierre Desir, sektè vodouizan an deziye Augustin Guerrier. Pierre Toussaint reprezante KAZEK. Konsey Nasyonal pati politik deziye, Ribel Pierre.

Sektè politik la divize sou chwa manm KEP a. Konvansyon pati politik yo ki gen a latèt li Victor Benoit ki pa reprezante nan nouvo Konsèy Elektoral Pwoviwa-a ap fikse pozisyon l’ nan yon konferans pou laprès la bay madi 20 oktòb la.

XS
SM
MD
LG