Accessibility links

Breaking News

Destinasyon Afrik du Sud


Foutbòl / Koup du mond

Honduras jwen 3 zièm e dènye tikè otomatik faz final koup du mond FIFA/ Afrik du Sud 2010 la apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan seleksyon Salvador nan San Salvador yè swa. Dènye fwa Onduras te kalifye pou faz final yon koup du mond se te an 1982 an Espay.

Isit Washington Kosta Rika, ki te bezwen yon viktwa, fè match nul 2 a 2 ak Etazini apre yo tap men-nen 2 a 0 pandan premye mitan an gras ak 2 gòl Bryan Ruiz te make pou Ticos yo. Etazini te kontinye atake juskaske yon make 2 gòl pandan 2 zièm mitan an juskaske Michael Bradley redui skò a nan 72 zièm minit rankont epi Jonathan Bornstein egalize pandan arè de je yo.

Antrenè seleksyon etwale a Bob Bradley te gen mesaj sa a pou jwè yo."Pi move desepsyonn sè ke jwè yo pat jwe balon rapid ase. E mwen rale zòrèy yon an sans sa a. Men le fè ke jwè yo vi nn konprann yo dwe jwe pi rapid e kontinye ogmante presyon sou advèsè a montre m ke yo te konprann se pat yon plezanteri non sèlman te vinn jwe rankont la pou n ranpòte la viktwa men tou pou fini nan tèt group la." Dapre antrenè ameriken an.

Efektivman Etazini fini nan tèt group la ak 20 pwen swa 1 pwen devan Meksik ki fè match nul 2 a 2 ak Trinidad and Tobago nan Port of Spain. Epi Onduras fini ak 16 pwen.

Kosta Rika pral jwe yon match de baraj ale/retou kont Urugwe ki fini 5 kièm nan group Amerik du Sud apre yo pèdu 1 a 0 devan Arjantin ki kalifye apre yo fini 4 trièm-bon vwayaj Maradona ak Jean Pierre Leroy ak Patrice Dumond.

Venezuela, ki pase akote yon kalifikasyon fè match nul 0 a 0 ak Brezil. Ekwatè elimine tou apre yo pèdu 1 a 0 devan Chili nan Santiago.

Kolonbi anpeche Paragwe fini nan tèt group Amerik du Sud la apre yon swif 2 a 0. Sa vle di Brezil fini nan tèt group la ak 34 pwen devan Chili ki gen 33 pwen e Paragwe ki gen 33 pwen tou. Perou ki fini an dènye pozisyon nan group Amerik du Sud la kale Bolivi 1 a 0 nan Lima.

Sou kontinan Eropeyen an peyi ki déjà jwenn tikè yo se Danmak, la Swis, Slovaki, Almay, Angletè, Sèbi, Itali ak la Oland.

Peyi ki kalifye pou jwe yon match de baraj ant 14 e 18 Novanm se Pòtugal, la Grès, Sloveni, la Rusi, Bosni-Herzegovinn, Ukrèn, la Frans, Irland. 4 venkè pral konplete lis 13 peyi kap reprezante kontinan Ewopeyen an.

Peyi ki kalifye pou kontinan Azyatik la se Ostrali, Kore du Sud, Kore du Nò, Japon. Amerik du Sud se Arjantin, Brazil, Chili ak Paragwe. Kontinan Afriken se Gana ak Kot Divwar. Nap konnen rès kalifye yo disi Novanm.

XS
SM
MD
LG