Responsab yo nan Mezon Blanch lan (palè prezidansyèl Etazini an) di prezidan an "resevwa distenksyon sa a ak anpil imilite".
Nan moman Komite Alfred Nobel la tap anonse gayan an li di li bay vizyon prezidan an anpil enpòtans pou l travay pou yon mond san zam nikleyè. Komite a di anba "direksyon misye Obama" enstriman li prefere pou rezoud "menm konfli enènasyonal pi malouk yo se dyalog ak negosyasyon."
"Lidè ameriken an kapte atansyon lemond e bay konpatriyòt li yo espwa yon meyè avni", deklarasyon Komite Nobel la nan sitasyon kote li eksplike rezon ki fè se prezidan Obama li chwazi ane sa a.
Komite a ajoute "gras ak inisyativ misye Obama, Lèzetazini ap jwe kounye a yon wòl pi konstriktif nan reinyon sou gwo defi klimatik le mond ap konfwonte yo.