Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA Sou Dènye Rankont Entènasyonal Envestisè  yo ann Ayiti


Angajman 21 antrepiz etranje pran pou finanse yon seri pwojè ann Ayiti pou anviwon 258 milyon dola, se premye "retonbée" pasaj plis pase 150 envestisè entènasyonal ki sot reyini pandan 2 jou nan peyi a sou inisyativ anvwaye spesyal LONU an, Bill Cliton.

Oganizasyon "Clinton Global Initiative" ki anonse nouvèl la fè konnen pwojè sa yo sible divès sektè tankou dlo potab, reparasyon enfrastrikti siklòn yo te kraze, pwoteksyon anviwonman an, touris, ak asistans teknik ki kapab kreye 10 mil djòb nan peyi a.

Pwofesè Paul Latortue ki te reprezante Inivèsite Pòtorico nan rankont sa yo di Lavwadlamerik pi fò pami òm dafè ki enterese vinn envesti ann Ayiti soti nan peyi Amerik Latin yo, e se avantaj Lwa sou Opotinite Emisferik la (HOPE 2) a ki atire yo. Inivèsite Pòtoriko ofri ekspètiz li pou ede sektè prive ak piblik ayisyen an fòme mendèv spesyalize nan kad envestisman potansyèl yo.

Nan pwogram Lib Tribinn Lavwadlamerik 7 oktòb la, ekonomis Ayisyen Jean Harry Fouche ki baze nan vil Chicago, Eta Ilinwa, ak prezidan asosiyasyon endisri yo ann Ayiti, òm dafè George Sassine, te reponn kesyon oditè ak entènot yo sou yon posib enpak pasaj envestisè entènasyonal yo nan peyi a.

Pou Jean Harry Fouchè ak George Sassine pasaj òm dafè sa yo pral genyen yon enpak pozitif nan relans envestisman prive nan peyi-a. Envite yo deklare: “Envestisman kapital lajan ki soti lòtbò dlo pral ogmante pwodiksyon nasyonal peyi a e kreye plis travay nan divès sektè."
Sepandan gen kèk lòt ekonomis ki panse sektè prive ak piblik ayisyen an dwe pran tout dispozisyon pou konvenk envestisè etranje yo konkretize pwomès yo.

Ekonomis Jean-Claude Polvin kap dirije yon fim konsiltasyon sou kesyon finansyè (ECOSOF) mande responsab aysiyen yo senplifye pwosedi administratif yo pou fasilite envestisman nan peyi a. Lwa HOPE 2 a pap itil anyen si sektè prive ak piblik la pa pwopoze envestisè etranje yo pwojè ki kapab krey anpil djòb.

jleroy@voanews.com

klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute Call in Show VOA a

XS
SM
MD
LG