Accessibility links

Breaking News

West Indies Free Zone: Yon Inisyativ Ayisyen


Ayisyen ap tann "retombées" pozitiv ki va sòti nan Konferans Bank Entè-ameriken Devlopman (BID) òganize 1ye ak 2 oktòb pase a nan peyi yo, kote plis pase 150 antreprenè etranje, sou lobedyans ansyen prezidan ameriken Bill Clinton--anvwaye espesyal sekretè jeneral l'Onu pou Ayiti--te patisipe.

Pandan 2 jou, misye Clinton, otorite ayisyen ak òmdafè yo pale sou enterè ki genyen nan Karayib ak Amerik Latin nan pou Ayiti ak atansyon li jwenn nan kominote entènasyonal la ki vle akonpaye l', mache avèk li pou ede l' atravè envestisman ak komès lib ak kreyasyon travay pou l' ka pran wout devlopman.

Men se pa sèlman envestisè etranje ki enterese nan devlopman peyi Dayiti. Plizyè antreprenè ayisyen te patisipe nan Konferans BID la. Youn nan yo, se endistriyèl Fritz Mevs ki rankontre e pale ak Bill Clinton sou travay lap antreprann nan peyi a e sou nouvo inisityav li gen sou pye kounye a: West Indies Free Zone.

Misye Mevs di anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la, Jean Robert Philippe, ansyen prezidan Clinton fè anpil sigjesyon e ba li anpil lide sou konstriksyon zòn franch sa a, sitou sou plan anviwonnmantal ak konsèvasyon enèji.

NB: Nou ka koute yon pati nan entèviou sa a sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a.

XS
SM
MD
LG