Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Bill Clinton Ankouraje Òmdafè Envesti Lajan yo Ann Ayiti


Bill Clinton ki pran lapawòl jedi nan konferans Bank Entè-ameriken Devlopman an (BID) nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, ankouraje yo vinn fè bizniss nan peyi Dayiti. Li di yo si yo envesti kòb yo ann Ayiti se yon opòtinite ya'p kreye pou ede pèp ayisyen an asire avni li.

Misye Clinton ki se anvwaye espesyal Nasyonzini pou Ayiti--debake Pòtoprens avèk yon delegasyon komèsyal pou montre sila ki ta vle fè envestisman nan repiblik karayib sa a ke Ayiti se yon peyi ki gen sekirite pou òmdafè ak antreprenè plase e fè lajan yo travay pandan ya'p kreye djòb tou pou ayisyen.

Premye minis Michèle D. Pierre-Louis te inogire konferans lan avèk yon diskou kote li deklare "Ayiti, kounye a, louvri pou bizniss". Li di envestisè yo, apa sekirite a ki amelyore, Ayiti ofri avantaj bab ak moustach gran ak debouche li ofri sou mache ameriken, kanadyen, ewopeyen e karibeyen an.

Pandan 22 dènye ane yo, pwosesis devlopman pran anpil baf nan peyi Dayiti akòz vyolans politik, koripsyon, mank lwa ak lòd e akòz dezas natirèl.

NB: Fè yon klik sou ralonj ki mache ak atik sa a (anwo e adwat paj web la) pou repòtaj anvwaye espesyal VOA nan konferans envestisè yo, Jean Robert Philippe. Pou lòt reyaksyon tankou reyaksyon anbasadè Etazini ann Ayiti a, Kenneth Marten ak minis komès ayisyen an, Marie-Josée Garnier, klike sou pwogram apre midi a nan kolonn ki agoch paj la.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG