Nan peyi Dayiti, nan domèn Biznis ak Ekonomi an, jou J-a rive. Yon gwo rankont entènasyonal ki reyini plis pase 150 òmdafè etranje ak antreprenè ayisyen ki nan dyaspora a kòmanse jodi jedi a pou l fini demen vandredi a. Nan tèt misyon sa a nou jwenn ansyen Prezidan ameriken e Anvwaye Espesyal Sekretè Jeneral l'ONI an pou Ayiti, Bill Clinton. Objektif rankont sa a se pèmèt delege yo evalye posiblite pou envestisman etranje fèt nan peyi a, tankou anvwaye espesyal Lavwadlamerik Jean Robert Philippe raple nou sa a. Jean Robert di nou tou se Bank Entè-Ameriken pou Devlopman avèk Clinton Global Initiatives ki patwone reyinyon sa a. Premye Minis ayisyen an, Michelle D. Pierre-Louis, pran lapawòl maten an nan seremoni ki inogire rankont entènasyonal la.
Anpil reyaksyon te tonbe lontan anvan delegasyon an te rive nan peyi a (nap enfòme ansyen Prezidan Bill Clinton debake Pòtoprens byen ta yè mèkredi a).
1.- Nan okazyon rankont entènasyonal wo-nivo sa a, Anbasadè Kanadyen an nan Pòtoprens, Jules Rivard, fè konnen peyi li genyen plis pase douz antreprenè (gason kou fanm) nan misyon an e li pwofite raple bòn dispozisyon Kanada pou l patisipe nan efò konimote entènasyonal la ap deplwaye pou l ede Ayiti lanse oubyen konsolide pwosesis kap pèmèt peyi a monte sou wout devlopman ak pwogrè.
2.- Pou prezidan Chanm Komès Ayisyano-Ameriken an, Philippe Armand, le fèt ke se misye Clinton ki nan tèt misyon entènasyonal sa a, sa montre wo ni-nivo delegasyon an, an menm tan ke sa atire atansyon sou volonte kominote entènasyonal la pou l kore efò kap fèt pou ankouraje pwogrè nan divès domèn ann Ayiti, san bliye sektè Komès ak Endistri a.
3.- Daprè Philippe Dewez, reprezantan Bank Entè-Ameriken Devlopman nan Pòtoprens, rankont entènasyonal sa a antwòt, pote lespwa ke envestisè etranje pral fè lajan yo travay an Ayiti e ke kominote entènasyonal la –sutou ajans ki atache ak òganizasyon ekonomik e fiansye yo- pap pan twòp tan pou li reyalize pwomès yo fè pou yo finanse divès pwojè devlopman nan peyi-a.
4.- Anfen ekonomis ayisyen Paul Latortue --ki se dwayen Lekòl Jesyon dè Zafè nan Inivsèsite Pòtoriko a—deklare an tan ke konnesè an la matyè pou l di pèsonn pa ka pale ase de gwo kokenn enpòtans rankont entènasyonal sa a genyen pou Ayiti. Se pou sa li fè deplasman depi San Juan pou l antre Pòtoprens pou l asiste pèsonèlman travay delegasyon ki fòme misyon sa a. Pwofesè Latortue fini pa di Lavwadlamerik li pral swiv retonbe rankont la avèk anpil atansyon pou l wè si Ayiti pral tire tout avantaj potansyèl ki ka sòti nan inisyativ sa a.
Nap repete delegasyon ansyen Prezidan Clinton ap dirije a debake Pòtoprens byen ta nan nuit mèkredi a e Anvwaye Espesyal Sekretè Jeneral Ban Ki-moon nan gen pou pran lapawòl vè midi konsa, lè Pòtoprens, sou premye jou rankont la kap dewoule nan Caribe Convention Center, nan kapital Ayiti a.
Jdesmara@voanews.com