Accessibility links

Breaking News

Ouvèti Trèzyèm Konferans Anyèl Amerik yo nan Coral Gables, Eta Florid


Ansyen prezidan ameriken an deklare madi ke lap travay pou l' ede asisyen kap viv san papye legal Ozetazini yo jwenn statut protection temporaire (TPS) e li mande plis plis koòdinasyon ant òganizasyon non-gouvènmantal kap opere nan peyi Dayiti yo.

Misye Clinton, ki se anvwaye espesyal Sekretè-jeneral l'ONU an, Ban Ki-moon, nan peyi Dayiti di nan 13zyèm konferans anyèl sou Amerik Latin nan, ki louvri 29 septanm nan Coral Gables, Etat Floride, "map demele'm kou mèt "Jean-Jacques" pou m' jwenn stati pwoteksyon tanporè pou plizyè milye ayisyen ilegal kap viv isit la e sekretè Deta ameriken an (madanm li Hillary Clinton) okouran demach sa a" .

NB: Ale sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a pou nou tande repòtaj jounalis Pierre Nazon Beaulière bay Lavwad'lamerik madi apre midi depi vil Coral Gables, Etat Floride.

Ansyen prezidan Etazini an admèt se yon bagay difisil kounye a pou Mezon Blanch la regle nan moman lap fè fas ak yon seri kesyon tankou refòm asirans-sante a, pwoblèm chanjman klimatik ak lagè nan Afghanistan an.

Stati pwoteksyon tanporè a, yon privilèj Etazini akòde moun ki sòti nan peyi kap fè fas ak konfli ou ki viktim dezas natirèl, ta pra l' ede 30 mil ayisyen san papye legal kap viv sou tèritwa ameriken an e kap fè fas ak yon posib depòtasyon nan moman nap ekri liy sa yo.

Gouvènman ayisyen an di kondisyon yo pa pèmèt li resevwa sitwayen sa yo nan peyi a--youn nan peyi pi pòv ki genyen nan emisfè ameriken an.

Yon lòt kote, Clinton panse li nesesè pou tout ONG kap opere sou tèritwa ayisyen an travay men-nan-men (li di "travay ak plis koòdinasyon") pou asistans ya'p pote a kapab genyen reyèlman yon enpak.

Anvwaye espesyal L'Onu an di genyen yon gwo konsensus ki ekziste nan Amerik Latin nan sou nesesite pou ede Ayiti (aller de l'avant) fè pwogrè. "Se yon kesyon kote (Cuba ak Venezuela ladan) nou dakò nou tout dwe wè pi lwen kesyon politik yo". "Ayiti ban nou yon gwo opòtinite pou nou fè rejyon an tounen yon rejyon pi an sekirite e pi stab", deklarasyon Bill Clinton.

Clinton anonse ke nan jou kap vini yo qyon misyon Bank Ameriken devlopman an pral chèche kreye kèk nouvo inisyativ pou òm dafè yo, e li site prensipalman nesesite pou yo konstwi wout pou ankouraje transpò, tourism ak pwodiksyon nasyonal la.

Prezidan BID la, bò kote pa li, Luis Alberto Moreno, pral fè yon vizit 1er pou rive 2 oktòb la ann' Ayiti, ansanm avèk misye Clinton kap genyen avèk li plis pase 100 òmdafè ki sòti nan diferan peyi pou yon misyon komèsyal ak envestisman nan repiblik ayisyèn nan.

XS
SM
MD
LG