Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Anonse Diplomat Ewopeyen yo Ap Retounen Honduras Menmsi Kriz Politik  Poko Rezoud


Inyon Ewopeyèn nan anonse samdi diplomat peyi manm ki te kite Honduras yo pral retounen nan peyi Amerik Santral la menmsi kriz politik la toujou nan yon enpass. Lapolis nan Tegucigalpa te toujou ansèkle anbasad brezilyèn nan samdi nan kapital ondirèy la, kote prezidan dechi Manuel Zelaya t'al pran refij pou evite arestasyon li.

Inyon Ewopeyèn nan pibliye yon kominike samdi 26 septanm nan kote li di anbasadè Lafrans, Espay, Itali ak Almay la ap retounen Honduras. Men kominike a ajoute sa pa vle di Inyon Ewopeyèn nan rekonèt gouvènman pwovizwa a.

Diplomat yo te kite Honduras pou pwoteste kont koudeta gouvènman defakto Roberto Micheletti bay misye Zelaya nan mwa jen ane sa a. Prezidan dechi a te retounen anbachal lendi pase nan Honduras kote gouvènman brezilyen an aksepte ba li azil nan anbasad li nan vil Tegucigalpa.

Vandredi, misye Zelaya akize gouvènman pwovizwa a deske lap voye gaz toksik sou anbasad la ki lakòz moun ki fèmen andedan misyon diplomatik la malad. Misye Micheletti demanti akizasyon sa a.

Menm vandredi a toujou, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te akize gouvènman ondiryèn an deske la poze "zak entimidasyon kont anbasad brezilyèn (konprann lap chèche kraponnen diplomat brezilyen yo).

Gouvènman pwovizwa a di li te kwape misye Zelaya paske prezidan dechouke a tap eseye chanje ilegalman konstitisyon an yon fason pou 'l te kapab pwolonje manda li.

Kominote entènasyonal la refize rekonèt gouvènman pwovizwa a e li lanse apèl pou mande retablisman misye Zelaya sou pouvwa a, men avèk mwens pouvwa, an'n atandan dewoulman yon eleksyon prezidansyèl.

XS
SM
MD
LG