Accessibility links

Breaking News

Etazini Kenbe Tèt Klasman FIFA a


Etazini / FIFA

Etazini klase numewo 1 mondyal nan klasman jeneral FIFA publiye pou seleksyon nasyonal foutbòl feminen. Almay ak Brezil boukante plas. Alman yo pase devan Brezil pou klase 2 zièm. La Swèd klase 4 trièm devan Kore du Nò. Japon okipe 6 zièm plas la devan Nòvèj, Angletè, Danmak ak la Frans pou konplet lis 10 meyé ekip foutbòl feminen sou planèt la.

Foutbòl Koup du Mond U-20

Ejip kap òganize koup du mond U-20 an danse sou Trinidad and Tobago 4 a 1 nan ouvètu konpetisyon an yè jedi a an prezans plis pase 84 mil fanatic pami yo prezidan FIFA a Sepp Blatter ak prezidan Ejipsen an Hosni Mubarak. Jodi a Paragwe fè match nul ak Itali 0 a 0, Nijerya kont Venezuela, Espay kont Tahiti

Nan lig chanpyon KONKAKAF la DC United ranpòte 2 zièm viktwa l apre li pilon-nen CD Maraton 3 a 0 nan group B a. Pumas pat gen pitye pou Real Espay ak yon swif 4 a 0.

Tennis

Ameriken Serena Williams pap patisipe nan tounwa tenis Pan Pasifik Tokyo nan sa ki sanble blesu li gen nan jenou ak zòtèy.

Franse Gael Monfils kalifye san difikilte pou kar de final tounwa tenis Metz la gras ak 2 kout rakèt li pase konpatriòt li Sebastien Grosjean 6-1, 6-1. Monfils pral rankontre Sèb Janko Tipsarevic ki elimine kwat Ivan Ljubicic 6-4, 7-6.

Atletisme

Kourè ameriken Tyson Gay ranpòte kous 100 mèt chanpyona atletis Daegu Sud Koreyen an devan kourè Jamayiken Asafa Powell. Gay fini konpetisyon an an 9 pwen 94 sekond pi lank e 9 pwen 69 li te reyalize dimanch nan Shangai. Chanpyon du mond an tit la Usain Bolt te fè retrè nan konpetisyon an depi nan kòmansman mwa a.

Responsab federasyon atletik Afrik du Sud la ap rete nan pòs li malgre li rekonèt li te bay manti kòm kwa li pat okouran te gen yon tès ki fèt sou atlèt Caster Semenya pou konnen èske li se fi ou byen gason. Semenya te nan mitan yone skandal apre li te finn ranpòte kous 800 mèt la nan kous atletik mondyal ki sot dewoule nan Bèlen.

Ameriken an Wallace Spearmon ranpòte kous 200 mèt.

Bò kote meda m yo ameriken Carmelita Jeter ranpòte kous 100 mèt feminen an epi Bahameyen Debbie Ferguson McKenzie ranpòte kous 200 mèt feminen an.

XS
SM
MD
LG