Accessibility links

Breaking News

Koup du Mond U-20 an ap Demare Jedi 24 Septanb


Foutbòl/ U-20

Demen jedi-a 24 septanm-nan se pral kou danvwa Mondyal mwen de 20 tan-an nan peyi Ejipt : E se peyi òganizatè-an menm ekip farawon-an kap ouvè konpetisyon an fas ak Trinidad-Tobago, yon peyi nan CONCACAF-la, nan gwoup A-a. Gwoup sa-a genyen ladan-yo Paragwe ak Itali . Gen 6 gwoup. Final la fikse pou 16 Oktòb

Nan Lig Chanpyon CONCACAf-la yè swa , Porto Rico Islanders fè match nul 1-1 ak Saprissa ; Houston Dinamo van-nen Arabe Unido 5-1 ; Patchuka van-nen Metapan 4-0. Konpetisyon-an ap kontinue jodi-a ankò kote Cruz azul ap jwe kont Kolombous Crew.

Nan Foutbòl gen 3 match kap dewoule jodi mèkredi-a nan kad kar de final lig chanpyon azyatrik-la . Klub antrenè brezilyen Luiz Felipe Scolari Bunyod-kor , yon klub Uzbekistan ap akeyi Pohang Steelers , yon klub sud-koreyen . Umm-Salal , yon klub Qatar ap akeyi FC Seoul, yon lòt klub sud-koreyen an 3e kar de final ap mete fas-pou-fas 2 klub japonè : Kawasaki Frontale kont Nagoya Grampus m—match-la ap dewoule nan Tokyo . Chanpyon-an ap reprezante kontinan nan Chanpyona du mond dè klub-la .

Tenis / Koup Davis

Tiraj-o-sò Koup Davis pou sezon 2010-la dewoule jodi mèkredi-a nan vil Geneve: Men afich premye tou-a : France - AllemagneRussie - IndeSuède - ArgentineCroatie - EquateurSerbie - Etats-UnisChili - IsraëlBelgique - République tchèque

Federasyon Foutbòl Tailand la anonse ansyen kapitèn seleksyon angletè dakò pou yon kontra 4 tran poul antrene seleksyon nasyonal la. Nouvèl y opa di konbyen lajan Robson pral touche men li mansyone posibilite pou yon revizyon fèt apre yon lane. Robson ranplase Peter Reid ki demisyone nan debu mwa Septanb nan.

Foutbòl / Eròp

Unyon Foutbòl Eropeyen an vann dwa retransmisyon koup dEròp 2012 la nan yon antant ki garanti 29 peyi pral kapab retransmèt 27 rankont sou yon total 31 pral retransmèt gratis

XS
SM
MD
LG