Gouvènman de fakto a dekrete kouvrefe ankò sou tout tèritwa a menm jan li te fè l' nan semèn apre koudeta 28 jen an.
Yon pòtpawòl prezidans de fakto a anonse sou yon radio ak yon chèn televizyon lokal kouvrefe a anvigè depi lendi apati 04H00 apremidi, lè lokal (22H00 GMT) pou jis madi maten a 07H00 (13H00 GMT).
"Sèl objektif desizyon sa a, se pwoteje trankilite, vi ak byen popilasyon an," dapre pòtpawòl la. Plizyè milye moun ale devan anbasad Brezil la pou manifeste solidarite yo ak prezidan dechi a ki pran azil ak tout fanmi li nan syèj misyon brezilyen an.
Misye Zelaya pa di pa ki mwayen li retounen nan peyi li, kote li te eseye 2 fwa, san siksè, retounen apre koudeta a--yon kou tout kominote entènasyonal la kondane. 5 jiye 2009 la, li te eseye retounen pa avyon, men li te sètoblije senpleman pase sou kapital la paske militè yo te bloke pis aterisaj ayewopò Tegucigalpa a. Le 24 menm mwa a, li te franchi ankò fwontyè a apati tèritwa nikaragueyen an, anvan li te kase tèt tounen Nikaragua, peyi rezidans li depi panzou a.
Minis afè etranjè brezilyen an, Celso Amorin, di peyi li pa "gen anyen pou wè nan retou prezidan Zelaya nan Honduras e ke Brezil te senpleman aksepte ba l' azil nan anbasad brezilyen an."
Pandan yon konferans pou laprès nan lakou anbasad la, M. Zelaya mande "pèp ondiryen" rasanble alantou lokal reprezantasyon diplomatik brezilyen an. Li di militè yo "fòszame yo dwe vire fize yo sou lennemi pèp la, men pa sou pèp la".
Nan yon entèviou li bay chèn televivyon CNN entènasyonal (ki bay nouvèl nan lang espayòl) li di "li pa vinn pou vyolans e ke sèl sa lap chèche se dyalòg".
Retou prezidan dechi a tonbe nan moman dyalòg ak gouvènman de fakto ondiryen an nan yon enpass depi echèk medyasyon prezidan Costa Rica a, Oscar Arias. Medyasyon an bite sou retou Zelay sou pouvwa a nan tèt yon gouvènman inite nasyonal-yon lide otorite nan Tegucigalpa yo voye jete depi koutfòs la malgre presyon kominote entènasyonal la ki sispann viza anpil gwo otorite ak anpil pwogram asistans ekonomik.
Sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo, (OEA) José Miguel Insulza, avèti otorite ondiryen yo ke yo responsab sekirite misye Zelaya ak sekirite anbasad Brezil la.
Selon misye Zelaya M. Insulza ta dwe debake anvan lontan nan Tegucigalpa pour "tanmen yon dyalog" pou soti Honduras nan kriz li plonje depi koudeta a. Sepandan, OEA pa konfime ofisyelman vizit sa a, men li di genyen yon reinyon ekstraòdinè Konsèy Pèmanan OEA a pral fè nan Washington, DC sou sitiasyon an nan Honduras.
Pòtpawòl Depatman Deta Ameriken, Ian Kelly, relanse apèl pou mande tout pati yo rete tèt frèt... e l' di pou Washington, misye Zelaya rete sèl dirijan konstitisyonèl e demokratikman eli Honduras.