Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Deklare Ekonomi an Bay Siy Pwogrè


Prezidan ameriken an, Barack Obama, di tout siy yo montre ekonomi a koumanse pwogrese ankò. Li di mache finansye yo ap fonksyone e ke pi gwo defi a se ranplase tout djòb ki te pèdi yo. Mr. Obama di sitiasyon chomaj la petèt ka pa pral amelyore ou ka menm anpire pandan 2 pwochen mwa yo.

Prezidan an fè deklarasyon sa a nan yon entèviou anrejistre davans li bay pwogram State Of The Union jounalis John King prezante chak dimanch sou chèn televizyon CNN.

Misye Obama bay yon rekò 5 entèviou sou 5 chèn televizyon pou eseye dezamòse tout kritik moun ap fè kont politik lap aplike yo.

Chèf mezon Blanch la ap eseye refòme systèm asirans-sante a pandan lap eseye redrese ekonomi an e jere 2 gè. Plan refòm systèm asirans-sante Demokrat yo ap fè fas ak anpil opozisyon nan kan Repibliken an. Anpil deklare plan refòm asirans-sante yo a se yon pa nan direksyon sosyalism. Plizyè dizèn milye ameriken te desann Washington, DC, samdi 12 septanm dènye a pou manifeste kont plan refòm nan ak lòt politik prezidan Obama yo. Analis yo di prezidan Obama pral eseye chanje direksyon deba a avèk ofansiv medyatik li lanse dimanch 20 septanm nan sou 5 pi gwo chèn televizyon peyi a--yon bagay okenn prezidan anvan li janmè fè.

Misye Obama pale ak ABC, NBC, CBS, CNN e ak chèn espayòl Univision, ki popilè anpil nan mitan kominote ameriken-ispanofòn peyi a ki reprezante yon gwo blòk elektè ki vote anpil nan eleksyon jeneral e lokal yo.

Lendi 21 septanm nan, prezidan Barack Obama se va envite komedyen David Letterman ki prezante chak swa, vè onzè, sou chèn televizyon CBS, yon pwogram kote li fè entèviou ak selebrite tankou: aktè, atis, chantè, ekriven, mizisyen, elatriye.

XS
SM
MD
LG