Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Pon Montrouis a Relouvri Pou Trafik Otomobil


Vil Montrouis---ki sitiye toupre Kòt Akaden e ki gen renome pou bèlte li e pou tourism---rekonekte ankò avèk rès depatman peyi Dayiti yo. Samdi chèf gouvènman ayisyen an, madan Michèle Pierre-Louis, ak minis franse afè etranjè a, Bernard Kouchner, inogire nouvo pon yo konstwi sou rivyè Montrouis a (ke) move tan te pote ale nan seri tanpèt twopikal ki te ravaje ane pase rejyon Sant ak Atibonit la.

Rekonstriksyon pon sa a pral fasilite non sèlman trafik ant Montrouis ak Depatman nò a e ak rejyon alantou yo, men tou ak kapital la, Pòtoprens. Depi lavalas inondasyon te kraze ouvraj sa a, abitan Montrouis ak lòt seksyon riral yo te genyen anpil difikilte pou yo charye danre ak machandiz yo al vann nan sant uben yo. Sitou lè pou yo travèse sòt nan yon pwen pou al nan yon lòt, se nan rivyè a menm yo te oblije pase, avèk tout danje sa poze si, pa malè, rivyè a deside lap desann sanzatann.

Se gras ak peyi Lafrans (ki dekese 1 milyon 500 mil dola) gouvènman ayisyen an rekonstwi pon an. Misye Kouchner twouve l' depi vandredi ann' Ayiti kote li ta'l fè yon vizit 24 trè ansanm ak tokay brezilyen li an, Celso Amorin. 2 diplomat yo, nan kad kooperasyon trilateral (Ayiti, Brezil, Frans) inogire tou yon sant konsèvasyon lèt matènèl pou tibebe ki genyen viris VIH--viris ki bay maladi sida a.

NB: Ale sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a pou koute repòtaj korespondan Sèvis Kreyòl la, Clarens Renois sou inogirasyon pon Montrouis a ak korespondans Rotchild François Jr. sou vizit misye minis afè etranjè Brezil la, Celso Amorin nan peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG