Lèzetazini ak Kiba
koumanse chita-pale sou repriz sèvis postal dirèk ant 2 nasyon-yo---sèvis ki
sipann depi 1963. Asistan Sekretè Deta Ameriken pou Afè Emisfè oksidantal yo ap
dirije delegasyon Etazini ki pral negosye La Avàn nan. Se pi gwo reprezantan
gouvènman Obama a jiskaprezan ki prale nan Kiba.
Pòtpawòl Depatman Deta Ian Kelly dekri konvèsasyon yo kòm chita-koze “eksploratwa”. Li di yo fè pati efò gouvènman Obama a pou amelyore kominikasyon ak pèp kiben an.
Gouvènman kiben an eksprime satisfaksyonn apre rankont la. Josefina Vidal Ferreiro, lidè delegasyon kibèn nan di chita tande yo te gen bon nivo e yo te itil.
Vis-asistan pwovizwa sekretè deta ameriken Bisa Williams / ki te nan tèt delegasyon Lèzetazini an / poko fè okenn deklarasyon sou rankont lan.
Reprezantan sèvis postal ameriken an te prezan nan chita-pale a, chita-pale 2 peyi yo te aksepte tanmen nan mwa me a.