Accessibility links

Breaking News

Brezilyen Rene Simoes Nouvo Antrenè Kosta Rika


Foutbòl/ Kosta Rika

Federasyon Foutbòl Kosta Rika non-nen Brezil Rene Simoes kòm nouvo antrenè seleksyon an. Simoes ranplase Rodrigo Kenton ki revoke apre Ticos yo pèdu 3 rankont youn apre lòt. Kosta Rika klase 4 trièm nan ekzagonal final eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Rene Simoes te antrene seleksyon Jamayik.

Foutbòl/ MLS

Lig foutbòl balonwon ameriken an anonse lap pran 2 semen vakans pandan premye faz koup du mond foutbòl Afrik du Sud la soti 11 pou rive 25 Jwen 2010. Vakans la pap gen oken efè sou dure konpetisyon an.

Foutbòl / Eròp

Nan lig foutbòl Eropeyen an Brezilyen Eduardo da Silva make gòl viktwa pou Arsenal 2 jou apre Unyon foutbòl Eropeyen an te leve entèdiksyon 2 match komite disiplinè te pran kont li. Arsenal kale Standard de Liege 3 a 2 nan group H la. Nan menm group la klub grèk Olympiakos suprann klub Olandè AZ Alkmaar 1 a 0.

Barselòn fè match nul 0 a 0 ak Inter de Milan. Dynamo Kiev wouze klub Ukrenyen Rubin Kazan 3 a 1. Liverpool ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan klub Ongwa Debrecen. Lyon surprann Fiorentina 1 a 0.

Foutbòl Ameriken

Lig foutbòl balonwon ameriken an frape ansyen antrenè New York Jets Eric Mangini yon amand 125 mil dola pou tèt li ta vyole règleman sou rapò ki dwe fèt lè yon jwè blese.

Responsab yo pat anonse Quarter Back Brett Favre te blese pandan li tap antrene. Mangini se aktyèl antrenè Cleveland Browns.

Je Zolenpik 2016/ Obama

Prezidan Barack Obama akeyi yon delegasyon Komite Olenpik ameriken nan Mezon Blanch la nan yon jefò pou bay vil Chikago yon bourad kòm kandida pou òganize je yo an 2016. Prezidan Obama deklare bay patisipan yo si Chikago seleksyone vil la ap fè Etazini fyè. Atlèt yo te fè yon demonstrasyon an prezans prezidan an. Premye da m nan Michelle Obama ap nan tèt delegasyon ameriken ki pral nan Kopenhag kote komite olenpik pral deziye vil kap òganize je zolenpik yo an 2016 le 2 Oktòb.

An plis de Chikago nou jwen Rio de Janeiro, Madrid ak Japon kòm lòt vil ki kandida.

Tennis

Ongwa Melinda Czink ak alman Julia Goerges kalifye pou kar de final tounwa tenis an sal Kebèk la. Venkè a ap resevwa 37 mil dola.

Baskètbòl / Eròp

Sèbi kalifye pou kar de final tounwa basketbòl Eropeyen an kap dewoule nan Polòy apre yo kale Lituani 89 a 79. Espay kalifye tou pou kar de final la apre yo pase Polòy yon swif 90 a 68. Sloveni jjwen tikè l gras ak yon viktwa supriz yo ranpòte devan Turki 69 a 67. Lòt peyi ki kalifye pou kar de final la kap kòmanse jodi a la frans, Rusi, Grès ak Kwasi.

XS
SM
MD
LG