Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin sou Sistèm Edikatif Ayisyen an


Edikasyon fè pati dwa fondamantal tout kretyen vivan e Leta nan tout peyi sivilize gen obligasyon pou veye sou aplikasyon n . Ann Ayiti gen pwovizyon legal pou tout moun jwi dwa sa a. Vrèmanvre, edikasyon an ann Ayiti tankou plizyè lòt domèn an degraba malgre anpil jefò plizyèl òganizasyon lokal e entènasyonal.

Anpil espesyalis poze kesyon sou sistèm edikatif ayisyen an. E nou menm nan Sèvis Kreyòl Lavwad Lamerik la, n ap poze kesyon tou. Se poutèt sa , semèn sa a nan pwogram lib tribin nou an « Dyaloge ak Etazini » nou chita sou sa k ka fèt pou amelyore sistèm edikatif ayisyen an .

Kòm envite nou gen 2 spesyalis ayisyen : Dr Kénol Moreau ki te responsab « Education Pour Tous » ann Ayiti ak Dr Frantz Antoine Leconte, ekriven , pwofesè univèsitè nan New York.

Klike sou lyen ki anlè e adwat atik la pou w koute pwogram sa a.

XS
SM
MD
LG