Accessibility links

Breaking News

Bill Clinton Mande Peyi Donate Yo Onore Angajman Yo Te Pran Vizavi Ayiti


Ansyen prezidan ameriken Bill Clinton deklare Ayiti nan yon bon pozisyon pou'l wete tèt li anba grif lamizè ki mete l' sou lis peyi pi pòv nan emisfè oksidantal la e kreye yon meyè avni pou sitwayen l' yo.

Misye Clinton fè deklarasyon sa a mèkredi 9 septanm nan pandan premye aparisyon li devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an antanke anvwaye espesyal l'Onu pou Ayiti. Misye Clinton di Ayiti, ki te yon nasyon pwospè nan tan lontan, kapab rejwenn pwosperite yon lòt fwa ankò.

Anvwaye espesyal l'Onu pou Ayiti a di "Mwen gen konviksyon Ayiti gen yon bel opòtinite pou l' sòti anba vye demon pase ki anchennen li yo pou divès rezon.

Premye e pi enpòtan an: prezidan an, premye minis la ak gouvènman ap konstwi yon eta modèn ki genyen yon ekonomi divèsifye, e yo genyen konpreansyon ak kapasite pou yo fè li.

Clinton di "yon maryaj solid bon jan apui peyi donatè nan kominote entènasyonal la, yon dyaspora ayisyen ki aktif, apui òganizasyon non-gouvènmantal yo ak amelyorasyon klima sekirite a ta dwe ede kreye yon meyè avni pou 9 milyon sitwayen ayisyen yo."

Ansyen lidè ameriken an ekzòte peyi ki te pran angajman nan mwa Avril 2009 la, nan konferans donatè Washington nan, debloke 760 milyon dola yo te pwomèt pou ede rebati peyi a. Li mande yo koumanse dekese lajan an, paske jiskaprezan se 21 milyon dola sèlman Ayiti resevwa nan sòm sa a.

Pwosesis Devlopman nan peyi Dayiti te pran yon seri kou di nan ane pase yo (te fè mach aryè) swa akoz vyolans politik, move jestyon, koripsyon swa akòz mank lwa ak lòd ou akòz dezas natirèl.
Yon misyon mentyen lapè Nasyonzini te ede retabli stabilite ann Ayiti apre rebelyon ki te fòse prezidan Jean-Bertrand Aristide pran chimen egzil nan ane 2004 la, men pwogrè ekonomik la ap mache sou yon kadans tòti.

Premye minis Michèle Duvivier Pierre-Louis di Konsèy la gouvènman lap dirije a deside korije pwoblèm Ayiti yo e kreye yon ekonomi solid kòm poto mitan gouvènman sa a. Madan Pierre-Louis deklare: malgre gouvènman an kontinye ap fè fas ak anpil soukous e toujou frajil, li gen volonte pou li kreye kondisyon pou bay envestisè lokal yo konfyans e atire envistisè etranje. Kounye a, se madan Pierre-Louis nap site: priyorite a se kreye bon jan travay, travay ki la pou dire e ki respekte tou anviwonnman an.

Yon pati nan manda Mr. Clinton antanke anvwaye espesyal Nasyonzini pou Ayiti, se ede ankouraje plis envestisman prive an'n Ayiti. Ansyen prezidan ameriken an anonse nan semèn kap vini yo li pral mennen yon delegasyon òmdafè nan peyi Dayiti nan kad demach sa a.
XS
SM
MD
LG