Accessibility links

Breaking News

Barack Obama Devan Kongrè a: "Mwen Vle Tounen Premye Prezidan Ameriken ki Rive Fè Refòm nan Sistèm Swen-Sante a"


Prezidan Barack Obama mete yè-swa, devan tou lè 2 chanm kongrè a reyini, yon mesaj sou plan refòm administrasyon n nan vle fè nan sistèm swen santé a o Zetazini ---yon mesaj ki pwovoke gwo reyaksyon bò kote palmantè repubiken yo. Misye Obama te sèvi ak yon langaj trè fò pou l pote limyè sou rezilta plan refòm nan kapab genyen, li pran angajman pou l kontinye chache apui tou lè 2 pati yo pou plan an, men li ensiste pou l di li lè, li tan pou manm kongrè a suspann jwe jwèt politik ak sistèm sante a. Misye Obama di –nap site : "Moman pou yon moun ap voye titoya sou lòt la fini. Moman jwèt la pase deja. Kounyela a lè a rive pou n pase a laksyon. Lè a rive pou n mete ansanm pi bèl lide tou lè 2 pati yo genyen e montre pèp ameriken an nou kapab fè sa yo te voye n pou n fè isit la. Kounyela a se moman pou n reyalize pwomès nou te fè pou n pote chanjman nan domèn swen-sante a.

V-ONE : Prezidan Obama kontinye pou l di li pral kontinye chache antant ant republiken ak demokrat sou plan refòm gouvènman n nan pwopoze a, e li pare pou l tande nenpòt ki lide serye yo vle mete devan n. Sepandan li pale klè pou l di li pa sòti pou l koute pèsonn moun ki vle fè dilatwa ou ki ta renmen fè plan refòm nan trennen. Men pwòp pawòl Prezidan Obama :

« Tande sa byen : Mwen pa pral pèdi tan m avèk moun ki mete nan tèt yo ke li ta pi bon pou n elimine plan sa a nèt olye pou n chache amelyore li. Mwen pap rete kanpe tandiske sektè kap defann enterè espesyal yo ap chache utilize menm kalte vye taktik yo pou yo fè bagay yo rete jan yo ye a. Si yon moun mal entèprete sa k gen nan plan an, nap denonse l. E mwen pap aksepte statu quo a kòm yon solusyon. Sa pap pase fwa sa a … Sa pap pase kounyela-a.»

Menm lè repibliken yo fè konpliman pou elokans prezidan Obama, yo fè konnen li pa rive bay detay presi sou jan plan refòm nan pral mache, e yo repete kritik yo te deja lanse pou di pwopozisyon demokrat yo fè pou yo chanje sistèm nan, ta mete plis taks sou do sitwayen ameriken yo ak ti biznis-yo, pandan sa ta vin ogmante defisi bidjetè a, paske plan an prevwa twòp depans. Depite Charles Boustany --ki se yon doktè tou-- te reponn mesaj prezidan an nan non pati repibliken an. Depite Boustany deklare --nap site :

«Bagay la klè : Pèp ameriken an vle refòm nan sistèm swen sante a, men tou li vle pou lidè li te eli yo fè travay sa a byen. Pi fò ameriken ta renmen tande prezidan Obama di prezidan Lachanm nan, Madam Pelosi, lidè majorite a Harry Reid, ak rès manm kongrè a : ''Lè a rive pou n rekòmanse travay avèk bon sans, avèk yon plan tou lè 2 pati yo apiye e ki chita sou objektif pou n bese pri swen sante yo, pandan nap amelyore kalite swen sante yo.'' »

Pami pèsonnalite ki te prezan nan kongrè a pandan prezidan Obama tap prezante mesaj la, te genyen Vicki Kennedy, madanm defen Senatè Edward Kennedy ki te lite anpil, pandan plizyè dizèn dane, pou refòm nan sistèm swen sante a o Zetazini, anvan li te mouri anba maladi kansè nan mwa dout pase a. Prezidan Obama di Senatè Kennedy te konsidere refòm nan sistèm nan kòm yon kesyon moral, e lidè ameriken an fè konnen kè-sote Misye Kennedy te genyen pou sò lòt moun, ta dwe pouse lidè tou lè 2 pati yo pou yo kowopere san konsiderasyon pou ideyoloji politik, dekwapou, finalman, rèv defen senatè a tounen reyalite.

Jdesmara@voanews.com
XS
SM
MD
LG