Accessibility links

Breaking News

Banbòch Foutbòl Weekend nan


Foutbòl Mondyal

Balon pral woule nan peyi manb KONKAKAF la nan kad 6 zièm jounen ekzagonal final eliminatwa koup du mond Afrik du Sud—Kosta Rika ap akeyi Meksik. Salvador prale nan Utah kote li pral rankontre Etazini epi Trinidad and Tobago pral lakay Honduras kote li pral rankontre seleksyon lokal la nan San Pedro Sula.

Nan Amerik du Sud la rankont kle a ap dewoule an Arjantin ak Brezil Samdi 5 Septanb nan. Gen yon total 34 rankont eliminatwa koup du mond ki fikse pou weekend nan. Yon viktwa Brezilyen ak mete ak deèt pou Urugwe ak Ekwatè, ap kalifye Selaçoa la pou faz final koup du mond Afrik du Sud la. Yon defèt Arjantin ap mete albiceleste yo nan yon move pozisyon pou yon 10 zièm vwayaj afile nan faz final yon koup du mond.

Foutbòl / Etazini

Balon ap woule nan Lig Foutbòl balonwon ameriken an demen Samdi a lè New England Revolution ap akeyi Kansas Citi. DC ap fè yon kout pye lakay Dallas epi Kolorado Rapids ap akeyi Toronto Foutbòl klub.

Chelsea/ FIFA

Responsab klub foutbòl Chelsea sèmante li prale an apèl ak desizon FIFA pran pou l entèdi klub la siyen oken kontra ak oken foutbolè pandan yon lane. FIFA fè konnen Chelsea vyole règleman yo apre li ankouraje Gael Kakuta renonse kontra li te déjà siyen ak klub franse Lens.

Otrich Olenpik Eskandal

Pi ansyen prezidan Komite Olenpik otrichyen an Leo Wallner anonse demisyonn apre yon seri eskandal finansye ak dopaj. Nan yon deklarasyon tou kout msye Wallner anonse demisyon an ap efektif 23 Septanb. Demisyon an rive 3 semen avan yon rankont ekstraòdinè dewoule sou eskandal la. Wallner, ki gen 73 zan, ap dirije komite olenpik Ostrichen an depi 1990.

Tennis

Sè Williams yo ap retounen sou teren an jodi Vandredi a apre deluj ki fèt yè swa lakay meda m yo. Chanpyon an tit la Serena Williams ap rankontre Espayoèl Maria Jose Martinez Sanchez pandan ke Venus pral mate balon fas ak Slovak Magdalena Rybarikova. Bò kote mesye yo rande vou a se rankont ant Britanik Andy Murray kont chilyen Paul Capdeville epi espayòl Rafael Nadal kont alman Nicolas Kiefer.

Jedi 3 Septanb nan numewo 1 tenis mondyal feminen an Rus Dinara Safina kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis US Open nan malgre li te pèdu premye manch la fas ak alman Kristina Barrois-6-7, 6-2, 6-3. Gwo supriz la se adolesan ameriken Melanie Oudin ki kapote chanpyon Olenpik Rus Elena Dementieva 5-7, 6-4, 6-3. Bò kote mesye yo Sèb Novak Djokovic wouze ostralyen Carsten Ball 6-3, 6-4, 6-4. Ameriken Andy Roddick

XS
SM
MD
LG