Accessibility links

Breaking News

"Ayiti Fè Pwogrè; men Anpil Travay Rete pou Fèt." ̂Deklarasyon Sekretè Jeneral Ban Ki-moon devan Konsèy Sekirite l'ONI an.


Sekretè-jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, fè konnen li panse peyi Dayiti ap fè pwogrè sou wout yon avni kote li pral devlope nan lapè aprè plizyè dizèn dane konfli; sepandan, daprè lidè l'ONI an, pwogrè sa a rete toujou frajil e li menm ka pase pa kèk moman blokaj ak echèk. Nan yon rapò misye Ban mete devan konsèy sekirite l'ONI an yè jedi a, li atire atansyon sou pwogrè Ayiti reyalize ak defi ki devan peyi a. Sekretè jeneral òganizasyon mondyal la kontinye pou l di: "Kounyela a, balon an nan pye lidè ayisyen yo ki te pote konkou yo nan efò ki te nesesè pou kreye opòtinite pou fè chanjman istorik nan peyi a; se yo menm ki dwe kontinye efò kap fèt pou idantifye solisyon pou pwoblèm Ayiti ap konfwonte yo, efò ki jwenn gwo apui nan kominote entènasyonal la."

Yon lòt kote, Ban Ki-moon fè rekòmandasyon pou Konsèy Sekirite a pwolonje manda Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) pou jous mwa doktòb 2010. Se konsa tou, sekretè-jeneral la lanse apèl pou l mande yon re-òganizasyon nan misyon an dekwa pou l patisipe plis nan siveyans zòn fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn, avèk kòt peyi a. Misyon Nasyon Zini an te ale an Ayiti an 2004 aprè ranvèsman gouvènman prezidan Jean Bertand Aristide la. Pi bonè ane sa a, misye Ban te nonmen ansyen prezidan ameriken Bill Clinton kòm anvwaye espesyal li ann Ayiti. Kèk sous ofisyèl fè konnen misye Clinton genyen pou l asiste yon sesyon Konsèy Sekirite a gen pou l fè semèn pwochèn nan sou sitiyasyon an ann Ayiti.

Lot nouvèl sou Ayiti an brèf:

- Yon misyon wo nivo Òganizasyon Eta Ameriken yo ap vizite Ayiti pou evalye sityasyon an ak envestisman eta manm OEA yo ap fè nan peyi a. Nan tèt misyon sa a genyen asistan sekretè-jeneral òganizasyon an, anbasadè Albert Randim. Youn nan manm delegasyon an, Enrique Castillo, reprezantan peyi Kosta-Rika nan Misyon Pènanant l'OEA nan Washington, pale ak Lavwadlamerik pou l di youn nan objektif vizit sa a, se idantifye mwayen pou diferan ajans ki nan sistèm OEA a pote plis asistans bay Ayiti.

- Anvwaye espesyal l'ONI ann Ayiti pou afè Dwa Moun, Avoka fransè Michel Frost, ap fè yon vizit 9 jou nan peyi a. Misye Frost déjà vizite pliyè rejyon nan peyi a pou l wè, antwòt, kondisyon prizonye ap viv nan divès prizon a travè Ayiti. Nan mitan semèn nan, pa egzanp, li te fè kèk deklarasyon sou nesesite pou otorite-yo amelyore sitiyasyon an nan prizon vil Okay la. Yè jedi 3 septanm nan, anvawye l'ONI an te di, menmsi gen pwogrè ki fèt nan divès domèn ki gen rapò ak dwamoun ann Ayiti, (tankou travay lapolis pou mete sekirite nan peyi a, efò otorite yo fè pou mete pi bon ekipman a la dispozisyon Polis Nasyonal la), genyen anpil travay toujou ki rete pou fèt.

- Daprè yon sous nan Sena ayisyen an, Gran Kò a pral fè yon lòt tantativ Jodi vandredi 4 septanm nan pou l wè si l a valide finalman estati venkè eleksyon senatoryal ki te dewoule nan mwa Jen pase a.

Pou detay sou nouvèl sa yo e plis ke sa toujou, vizite sit entènèt Lavwadlamerik la, VOANews.com/Creole.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG