Accessibility links

Breaking News

Yon Konpayi Suis Ak Yon Konpayi Chinwa Anonse Yon Vaksen Kont Virus H1N1 an


Yon konpayi suiss ki fabrike pwodui famasetik ak lòt medikaman anonse limete opwen yon vaksen kont virus H1N1 an ki bay maladi grip pòsin nan. Laboratwa a di yon sèl dòz vaksen sa a kapab ase pou anpeche moun trape grip la.

Si vaksen sa a ta efikas jan fabrikan an di a, sa ta kapab ede ranfòse stòk vaksen lemond bezwen pou pwoteje populasyon an kont virus A H1N1 an.

Kòporasyon Novartis fè konnen li te teste vaksen an nan Grande Bretay sou 100 moun ki genyen an 18 e 50 tan. Toujou, dapre Novartis, patisipan ki te pran 2 dòz vaksen li an genyen yon pi bon repons imunitèr kont virus grip pòsin nan, men yon sèl doz ase pou pwoteje yon moun enfekte kont virus la.

Anvan sa syantifik yo te kwè se 2 dòz ki tap nesesè pou pwoteje moun kont virus A H1N1 a; ---yon sitiasyon ki ta pral redui sou valè moun atravè lemond yo ta ka vaksinen akòz fèb kantite vaksen ki disponib kounye la a.

Yon lòt kote, responsab Lasante yo nan Lachin bay akò yo pou yon konpayi nasyonal chinwa pwodwi an mas yon vaksen pou konbat virus H1N1 an. Kontrèman ak lot vaksen yo, vaksen sa a pap mande pou yon moun pran plizyè doz pou l bay bon rezilta.

Konpayi bio-teknoloji Sinovac di Vaksen kont H1N1 li mete opwen an mande yon sèl doz sèlman pou l efikas. Sa demanti previzyon ki te fèt anvan e ki te fè konnen yon moun tap bezwen 2 doz vaksen kont maladi grip pòsin nan pou l gen proteksyon ki nesesè a.

Wang Nan se supèvizè jeneral adjwen konpayi Sinovac, li deklare konpayi an te komanse fè rechech sou vaksen sa a nan komansman mwa jen an. Wang di "21 jou apré yo te finn bay 6 sijè premye enjeksyon yo, moun ki tap fè eksperyans la te teste san yo epi yo dekouvri ke yon sèl doz vaksen an te bay nivo proteksyon yo te espere a.

Misye Wang fini pa di konpayi Sinovac pral santre atansyon n' sou mache chinwa a anvan, men li enterese tou pou l vann vaksen an sou mache entènasyonal la.

Sinovac ka pwodwi 30 milyon doz vaksen pa ane.

NB: Pou nouvèl sou peyi Dayiti, nou priye ou klike sou ralonj ki agoch paj wèb la, kote nou wè "pwogram nou yo", epi fè yon klik sou pwogram nou ta renmen koute a (maten, midi edmi ou senkè apre midi a) lè nou va klike sou youn ladan yo, lap louvri lojisyèl nou genyen enstale sou òdinatè nou e ki pèmèt nou tande fichye audio.


XS
SM
MD
LG