Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Make Kòmansman Ramadan an, swa mwa sakre Mizilman yo, ak yon Dine nan La Mezon Blanch.


Prezidan Barack Obama make kòmansman Mwa Sen Mizilman an, Ramadan an, ak yon dine ki dewoule madi swa nan La Mezon Blanch. Lidè Lèzetazini an pale pou l di se yon okazyon pou selebre fèt sakre sa a, pou onore Lislam e rann mizilman ameriken yo omaj pou gwo reyalizasyon yo akonpli nan kominote yo. Men pwòp pawòl prezidan Obama:

« Lislam, jan nou konnen sa a, se yon pati nan Lèzetazini. E, kòm tout rès sosyete amerikèn nan, kominote mizilman an o Zetazini se yon kominote ki genyen yon dinamism ak yon divèsite ekstrawòdinè, avèk fanmi ki genyen zanzèt ki nan peyi a depi lontan, menm jan nou jwenn ladan n imigran ki fèk antre. Gen mizilman ki sòti nan tout ras, nan tout gwoup etnik, genyen ki gen rasin yo tou patou nan lemond.»

Youn nan envite espesyal yo pat kapab prezan nan dine sa a. Se yon mizilman ameriken moun konnen trè byen e ki te sibi anpil nan le pase akoz fwa li nan relijyon Islam nan. Se ansyen boksè ameriken e plizyè fwa chanpyon di mond, kategori pwa lou, Mohammed Ali. Absans li pat anpeche prezidan Obama genyen yon mo spesyal pou li.

«Li sòti nan nivo yon boksè ki pat gen parèy li sou ring nan, pou l tounen yon nonm ki genyen yon diyite ak yon gras trankil, ki kontinye batay pou sa l kwè ; e pami kwayans li yo, genyen yon konviksyon, asavwa moun ki genyen fwa diferan, kapab mete ansanm pou yo defann yon menm koz.»

Prezidan Obama fini pa di fèt Ramadan-an --fèt mwa sakre Mizilman yo-- se yon moman pou tout moun, kèlkeswa fwa relijye yo, pran angajman pou yo travay pou yo bati yon mond ki pi bon e ki ofri pi bèl esperans pou tout nasyon.

Jdesmara@voanews.com


XS
SM
MD
LG