Accessibility links

Breaking News

Brezil Toujou nan Tèt Klasman FIFA a


Foutbòl/FIFA

Brezil toujou numewo 1 nan klasman mansuèl FIFA publiye jodi mèkredi-a. Espay, La Oland Itali ak Almay, La Rusi , Anglwetèr, Arjantinn , Kwasi ak La frans konplete top ten-nan. etazuni klase 11e pou KONKAKAF la. Nan Karayib la Ayiti klase an 109e pozisyon ..Li pran 6 plas. Republik Dominikèn klase 183zièm. Pwochen klasman-an se pou le 7 oktòb.

MARADONA « antrenè ekip Atrjantinn-nan ap plenyen pou move pèfòmans seleksyon an nan antrenman. Afè Maradona tèlman pa bon ke li oblije rele Martin Palermo, 35 ans ak Rolando Schiavi, 36 ans, Ajantin gen pou-l akeyi samdi kap vini la-a Brezil ki nan tèt nan group zòn amerik du Sud-la . Arjantinn ki ap rankontre madi pwochen tou ak Paragwe nan kad eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la.

Yon gwo duel aswè-a nan foutbòl nan oakzyon final Koup Us Open-an pi ansyen konpetisyon foutbòl isit Ozeytazuni. Final sa-a ap mete fas-pou-fas DC United ak Seattle Sounders isit Washington.

Baskètbòl

Lebron James super NBA kap jwe nan Clevland Cavaliers-la twouve-l nan peyi La Frans nan vil Pari kote lap fè pwomosyon pou film-ni ak nouvèl soulye-l. Li te tou pwofite di ak ki fyète li pote mayo numewo 23 a, paske se numewo sa-a Michael Jordan te konn pote…Michael se pi bon basketè nan tout istwa baskètbòl.

Bò kote pa l vedèt baskètbòl espayòl Ricky Rubio deside pou l kontinye jwe an Espay malgre li te seleksyone pou l jwe nan NBA a. Regal FC Barselòn anonse ti bway la ki gen 18 tan siyen yon kontra ak klub pou yo dure 6 zan kap koute 5 milyon dola. Dapre nouvèl yo kontra a gen yon paragraf kap pèmèt Rubio jwe nan NBA a disi 2 zan ak posibilite pou l pi byen prepare.

Tennis

Tenis kèk rezulta nan match US Open pou jodi-a : Kay medam-yo, Rus Dinara Safina numewo 1 mondyal la soti lwen pou l kalifye nan 2 zièm tou tounwa tenis US Open nan kap dewoule nan Flushing Meadow nan New York. Li pèdu premye sèt-la avan li pase vitès superyè-a pou- l kale ostralyèn Olivia Rogow-ska (167e) an 3 sèt 6-7, 6-2, 6-4. Kalifikasyon pou 2 lòt rus Maria Sharapova and Svetlana Kuznetsova. Yo elimine respektivman Tsvetana Pironkova pou peyi Bulgari ak almand Julia Goerges. Patty Schnyder, Sara Errani.

Kay mesye-yo , britanik Andy Murray pase pou 2e tou gras ak viktwa-l an 3 sèt 7-5, 6-3, 7-5 sou Ernests Gulbis moun peyi Letoni,. Serb Novak Djokovic (4) fini konpetisyon pou koat Ivan Ljubicic ke-l kale 3 sèt a 0 : , 6-3, 6-1, 6-3. Fransè Jo-Wilfried Tsonga li-menm te ekspedye ameriken Chase Buchanan ..3 sèt a 0 : (6/0 6/2 6/1). Fenlandè Jarko Nieminen , espayòl Fernando Verdasco(10) chilyen Fernando Gonzalez (11) jwenn biyè-yo tou pou 2e tou-a .

Jodi a Mèkredi a Swis Roger Federer ak sè Williams yo ap retounen sou teren an san bliye espayòl Rafael Nadal. Se dènye tounwa Gran Shelem pou ane a.

XS
SM
MD
LG