Accessibility links

Breaking News

Bon Debu pou Federer nan Flushing Meadow


Tenis US Open

Chanpyon sòtan US Open nan Swis Roger Federer ak ameriken Serena Williams kalifye pou 2 zièm tounwa tenis Open Etazini an. Federer te bezwen 3 manch pou l kale adolesan David Britton 6-1, 6-3, 7-5.

Serena Williams tèt de seri numewo 2 tounwa an wouze konpatriòt li Alexa Glatch ak kout rakèt 6-4, 6-1. Venus Williams ranpòte la viktwa devan Rus Vera Dushevina 6-7, 7-5, 6-3. Ameriken Andy Roddick wouze ak kout rakèt Bjorn Phau 6-1, 6-4,6-2. Lòt jwè ki kalifye bò kote mesye yo se Rus Nikolay Davydenko, Swedwa Robin Soderling, espayòl Tommy Robredo.

Boxe/ Itali

Chanpyona du mond Boks Amatè a ap demare jodi a nan vil Milan an Itali ak patisipasyon plis pase 720 boksè ki soti nan 130 peyi. Se yon konpetisyon ki dewoule chak 2 zan. Boksè yo pral boukante kout pwen nan 11 kategori.

Foutbòl

Minis Ekonomi Alman an ofri Brezil supò gouvènman ak konpayi Alman yo nan preparasyon koup du mond 2014 la. Minis la eksprime espwa l konpayi alman yo kapab jwen kontra pou enfrastruktu, oganizasyon ak sekirite.

FC Barselon kale Sportin Gijon 3 a 0 nan kad premye jounen chanpyona espayòl ki dewoule yè Lendi a.

Nouvèl Zeland mande Ostrali konkou pou ede l kalifye pou koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Nouvèl Zeland anplwaye ansyen antrenè Ostralyen dorijin arjantin Raul Blanco kòm konseye teknik an preparasyon ak match de baraj swa kont Baren ou kont Arabi Sawoudit nan fen ane a.

AS Wòm ap chache yon nouvo antrenè apre Luciano Spalletti demisyone brid sou kou apre ekip la subi 2 defèt. AS Wòm pèdu 3 a 1 devan Juventus de Turen e 3 a 2 devan Genoa. Msye Spelletti di li soumèt demisyonn bay responsab klub ki aksepte san ezitasyon.

Komite òganizatè koup du mond klub yo an Arabi Sawoudit fè konnen yo vle atire yon seri de meda m lokal vinn asiste konpetisyon an. Deklarasyon sa a kontrè ak tradisyon peyi a ki mete meda m yo akote nan evenman popilè. Tounwa a ap kòmanse 9 pou fini 19 Desanm ak patisipasyon chanpyon chak federasyon.

XS
SM
MD
LG