Accessibility links

Breaking News

Bank Entè-ameriken Devlopman (BID) Bay Ayiti 25 Milyon Dola


Bank Entè-ameriken developman (BID) anonse jedi yon don 25 milyon dola li fè peyi Dayiti. Lajan sa a se pou kore bidjè depans piblik Leta ak refòm gouvènman ayisyen an.

BID di li pral dekese lajan sa a imedyatman e yon sèl kou pou ede gouvènman Ayti a soutni refòm kap pèmèt li ogmante resèt lajan taks li ak resèt li fè ladwan, amelyore fason lap itilize fon depans piblik yo epi ranfòse jesyon dèt li kontrakte nan men kreditè lokal yo.

Bank Entè-ameriken Devopman fè konnen fon sa a pral' pèmèt otorite lokal yo ranfòse mwayen travo publik dispoze pou l' fè planifikasyon, ogmante e pran swen rezo wout peyi a epitou li pral kore aksyon gouvènman ayisyen an / kap travay pou ogmante kapasite konpayi elektrisite Dayiti.

Plizyè òganizasyon entènasyonal e rejyonal ak peyi kap prete ou fè don yo dakò ak objektif refòm gouvènman an ap fè. BCD, Bank Karibeyen Devlopman, apwouve tou yon don 10 milyon dola pou reyalizasyon refòm sa yo.

NB: Ale sou ralonj ki anwo e adwat paj sa a pou'n koute nan mikwo Lavwadlamerik ekplikasyon konsiltant Ketlaine Florestal kap travay ak Bank Entè-ameriken Devlopman.

Sou lyen sa a nou pral kapab tande tou anons vizit yon delegasyon Bank Entè-ameriken an ap voye Ayiti nan koumansman mwa septanm nan. Apa sa, Chérubin Dorcil te pale ak responsab gwoup Tourinord kap travay pou ede redevlope endistri tourism la an'n Ayiti.

XS
SM
MD
LG