Senatè ameriken Edward Kennedy, yon moniman nan Pati Demokrat la e ki te pran lidèchip youn nan fanmi politik pi enfliyan Ozetazini apre asasinay 2 gran frè li yo: Prezidan John Kennedy ak senatè Robert Kennedy nan ane 60 yo--desede a 77 an madi swa lakay li, dapre sa fanmi li anonse.
Nan yon kominike fanmi an pibliye bonè mèkredi 26 Out la li fè konnen: "Edward M. Kennedy, mari, papa, granpapa, frè ak nonk nou renmen anpil-anpil la, mouri madi swa lakay li nan Hyannis Port, Eta Massachusets. Senatè Kennedy te antre nan Sena ameriken an 1962. Li se senatè ki pase plis tan nan pòs sa a nan istwa lejislatif Lèzetazini.
Prezidan Barack Obama eksprime tristès li devan lanmò Senatè Kennedy e l' deklare Etazuni pèdi yon gwo lidè yè swa. Prezidan ameriken an di, nan kèk ane ki sòt pase yo m'te gen lone rele Teddy yon kòlèg, konseye e yon zanmi.
Bò kote pa l,
Vis-Prezidan Joe Biden, ki te nan Sena a ak Ted Kennedy pandan 30 an, di: si se
pat pou Senatè Massachusetts la, li pa tap kote l'ye jodi a paske Kennedy te ede l
eli nan Sena a an 1970.
Lidè toupatou nan lemond wete chapo devan karyè ak lavi ekstraòdinè Senatè Kennedy.
Ansyen Premye-Minis britnaik Tony Blair ak aktuèl Premye-Minis la, Gordon Brown, ansyen Premye Minis irlandè Bertie Ahern, Sekretè-Jeneral Nasyonzuni Ban Ki-moon, Premye-Minis ostralyen Kevi Ruud, Chanselye alman an Angela Merkel, Premye Minis izrayelyen Benjamin Netanyahu, se kèk pami yon latriye dirijan nan lemond kap fè lwanj pou defen Senatè Kennedy.
Misye Kennedy dwe antere nan simityè nasyonal Arlington nan, nan Eta Virginie, toupre kapital federal amerikèn-nan, Washington, DC
NB:Ale sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a pou nou koute yon pwofil Senatè Edward Kennedy avèk Lionel Desmarattes e ak chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald César.