Accessibility links

Breaking News

Pwosesis Validasyon Nouvo Senatè Eli yo Toujou Nan Yon Enpass


Antre eli 21 jen 2009 yo nan chanm Sena a toujou pa sèten apre plizyè senatè Òganizasyon Pèp An Lit (OPL) te boude seyans vandredi pase a pou deside sou validasyon nouvo manm gran kò a.

Senatè Jean Hector Anacasis di Lavwad'lamerik yo pral eseye fè yon seyans mèkredi e wè si yo ta jwenn yon solisyon konpwomi pou evite yon kriz nan Sena a. OPL kanpe ankwa kont validasyon pouvwa nouvo senatè yo akòz yon hing-hang sou pwosè-vèbal eleksyon senatoryal pasyèl nan Depatman Atibonit la ki "manke"--yon sitiasyon ki mete youn nan kandida li yo, misye François Annick Joseph, nan yon sitiasyon ni asire ni sèten.

Dapre yon jounal nan kapital ayisyen an, genyen lòt senatè enfliyan tou nan Chanm wot la ki sanble kanpe sou menm pozisyon ak OPL pou yo pa valide pouvwa nouvo eli yo. Apa sa, genyen tou fòmasyon bureau d'âge Sena a ki se yon lòt kesyon ki kapab tounen yon kolye McGregor nan mitan lejislatè yo paske li enplike demisyon aktyèl biwo a apre validasyon pouvwa senatè eli yo ak eleksyon nouvo biwo daj la jan sa sipoze fèt apre chak renouvèlman 2/3 Sena a.

NB: Koute deklarasyon misye Anacasis nan mikwo Lavwad'lamerik sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a. Nou ka tande tou yon repòtaj Eveline Adonis, korespondan Sèvis Kreyòl la nan Jacmel, Sidès Ayiti, sou yon apèl pou yon grèv anplwaye fonksyon piblik yo sou prim yo rele "katòzyèm mwa a" gouvèman an deside li pap akòde yo ane sa a, jan li te konn fè'l depi kèk ane, pou ede yo fè fas ak ogmantasyon pri lavi a.

XS
SM
MD
LG