Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kiba: Fidel Castro Pran Pozisyon An Favè Prezidan Obama Pandan Gouvènè Bill Richardson Ap Pare Pou Li Ale La Havane


Ansyen lidè kiben Fidel Castro, yon fwa ankò, fè kòmantè sou politik amerikèn nan. Li akize detraktè prezidan Barack Obama yo kòm rasis. Mesye Castro ekri lendi 24 out la sou sit entènèt gouvènman kiben an --nap site «Ekstrèm dwat la rayi Obama paske li se yon nwa e l ap fè tout sa ki posib pou l bloke plan prezidan an.»

Lidè Maximo a ajoute, mesye Obama "ap jere pwoblèm administrasyon George Bush la kite dèyè e lap eseye amelyore imaj Lèzetazuni."

Fidel Castro te deja pran pozisyon an favè lidè ameriken an; pa egzanp li pale byen de refòm administrasyon Obama a vle fè nan sistèm sante Etazini an.


Yon lòt kote, Gouvènè eta ameriken Nouvo Meksik, Bill Richardson gen pou l vwayaje al Kiba nan semèn nan pou sa biwo l la prezante kòm yon vwayaj komèsyal an favè pwodui alimantè eta a. Yon deklarasyon ki parèt lendi 24 out la fè konnen objektif vizit sa a se fè pwomosyon pou pwodui agrikòl Nouvo Meksik, avèk posibilite pou ta gen echanj kulturèl ant eta sa a ak Kiba nan lavni.

Bill Richardson, yon demokrat ki gen orijin ispanofòn, gen pou li rive Kiba vandredi 28 out la ak yon delegasyon responsab nan eta a. Pandan vwayaj sa a, gouvènè a ap rankontre otorite nan Alimport, ajans kibèn ki responsab komès agrikòl.

Se pral twazyèm vwayaj otorite Nouvo Meksik yo ap fè nan peyi Kiba pou yo fè pwomosyon pou pwodui agrikòl eta a. 2 lòt vwayaj yo te fèt an 2007 e an 2008. Mesye Richardson, li menm, te deja rankontre Fidel Castro an 1996 (lè sa a Castro te prezidan) kote li te negosye avè l liberasyon 3 prizonye politik.

Yon lwa amerikèn otorize eta yo vann la Havane pwodui agrikòl ak medikal, men se pou Kiba peye lajan kach. Anbagao Lèzetazini kont Kuba a ki la depi anviwon 47 tan, toujou an vigè. Gouvènman prezidan Barack Obama a deja presize , Washington ap leve anbago a si e sèlman si gouvènman kominis la adopte bon jan chanjman nan domèn dwa moun.

jbeliz@voanews.com



XS
SM
MD
LG