Accessibility links

Breaking News

Dezyèm Jounen Kongrè Konfederasyon Palmantè Latino-Ameriken e Karibeyen yo Nan Pòtoprens


Palmantè latino-ameriken e karibeyen yo reyini nan vil Pòtoprens pou Konferans rejyonal "Confédération Parlementaire Des Amériques la" kap dewoule pou la premyè fwa ann Ayiti. Konferans la santre ane sa a sou imigrasyon ak anviwonnman--2 dosye ki konsène tout peyi manm yo. Responsab ayisyen yo eksprime satisfaksyon yo deske fowòm nan ap dewoule nan peyi yo e yo di sa montre imaj Ayiti ap amelyore nan rejyon an e atravè lemond.

Korespondan Sèvis Kreyòl la, Jean-Max Blanc, te pale ak Joseph Jasmin, minis ki responsab relasyon ant palman-an ak gouvènman madam Michèle-Pierre Louis a.

Nou ka koute sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la deklarasyon misye Jasmin nan repotaj Blanc prepare sou tèm sa a. Yon lòt, kote repòtè nou Clarens Renois fè n' konnen Unesco (òganizasyon Nasyonzini pou edikasyon syans ak kilti) Inogire vandredi 21 out la nan kapital ayisyèn nan yon kòlòk sou Dwazimen e sou kontribisyon revolisyon 1804 la nan inivèsalizasyon Dwazimen. Premye minis Michèle Pierre-Louis ak plizyè ekriven divès nasyonalite te prezan seremoini ouvèti a.

Ale sou lyen ki anwo e agoch paj wèb la pou Koute devlopman nouvèl sa yo e ak nouvèl sou sitiasyon sekirite a nan vil Jacmel, nan sidès Ayiti.

XS
SM
MD
LG