Accessibility links

Breaking News

Yon lòt Ka Dopaj nan Bèlen


Atletisme

Nan kad mondyal atletism-nan kap dewoule nan vil Berlen ann Almay ,atlèt peyi Nijerya ki tap patisipe nan kous 400 mèt Hè Amaka Ogoegbunam teste pozitif pou yon steroyid entèdi ---- (metenolone) .Asosyasyon Entènasyonal Federasyon atletik-yo fè konnen jodi vandredi-a ke Ogoeg-bunam elimine pou semi-final feminen 400 mèt Hè feminen an . Yon pòt pawòl asosyasyon-an fè konnen tou atlèt la elimine nan tout lòt konpetisyon nan Berlen.

Se 2e ka dopaj apre mawokren Jamal Chatbi ki yo te kenbe dimach .Pandansetan , jamayiken Usain Bolt ki kreye anpil sansasyon avèk viktwa-l yè jedi-a nan kategori 200 mèt---e li bat yon rekò kote li kouvri distans-la an 19 sekond 19. Sepandan atlèt jamayiken-an deklare li regrèt anpil pou rumè kap sikule sou do-l kosènan pèfòmans-li. Li ajoute nap site : tou sa-m ka di sè ke mwen pwòp e mwen travay du. Gwo desepsyon pou fransè-yo devan echèk meyè atlèt-yo pou ane-a Yohann Diniz, nan kategori 50 Km march la. Diniz fini byen lwen an 12 zièm pozisyon

Foutbòl / KONKAKAF

Nan lig chanpyon KONKAKAF la klub Trinidadyen San Juan Jabloteh tonbe fas anba 1 a 0 devan CD Toluca ki se yon klub Meksiken nan group D a. Lòt rankont klub Onduryen Real CD Espagna te fè anpil efò avan li kale klub W Connection 1 a 0 toujou nan group D a.

Foutbòl / US

Nan lig foutbòl balonwon ameriken demen Samdi a Los Anjeles Galaksi ap rankontre DC United nan Washington DC. Chivas USA ap akeyi Toronto FC. Kansas City ap vizite San Jose epi Dimanch ap gen 4 lòt rankont. Jedi swa New England Revolution ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Seattle Sounders.

Foutbòl / Eròp

Nouvo antrenè Milan Ac –a , brezilyen Leonardo, voye yon mesaj klè bay entènasyonal brezilyen Ronaldinho kap pen-yen lage depi kèk tan. Sepandan antrenè a di pa gen jwèt nan zafè boul-la, se kounye a ou jamè . Antrenè-a rekonèt Ronaldinyo antrene jodi-a e li konstate anpil amelyorasyon. Milan AC gen pou l jwen an deplasman demen samdi-a lakay Sienne nan okazyon premye jounen Calcio-a , chanpyona foutbòl premyè divizyon Seri A Italyen an.

Clyclisme

Chanpyon siklis nasyonal Bèlj Tom Boonen ranpòte 3 zièm etap kous bisiklèt Tour Eneco a kap dewoule nan peyi l. Ameriken Tyler Farrar konsève klasman jeneral la ak 10 sekond devan Boonen ak Nòvejyen Edvald Boasson Hagen.

Siklis ameriken Lance Armstrong ap patisipe nan kous bisiklèt Tour Irland la. Armstrong, kap sèvi ak konpetisyon an pou fè pwomosyon pou fondasyon kont Kansè a fini 23 zièm nan konpetisyon an.

Tennis

Nan tounwa ternis dè Mèt Cincinnati a, nan Ohio : kar de final –yo se rande-vous avèk les grands, se yon tablo de rèv avèk: Roger Federer, Andy Murray, Rafael Nadal, Novak Djokovic... e nap siyale prezans 2 fransè : Julien Benneteau et Gilles Simon. Tout jweè sa-yo pral dèyè yon tikè popu dènye kare-a : Andy Murray (G-B, 3) ak Julien Benneteau ap jwe konnyea la-a ; Roger Federer (SUI, 1) - Lleyton Hewitt (AUS) ; Rafael Nadal (ESP, 2) - Tomas Berdych (RTC) ; Gilles Simon –Novak Djokovitch(4).

Serena Williams défiera la Tchèque Lucie Safarova en quart de finale tounwa tenis koup Rogers la kap dewoule nan Toronto Kanada. Un peu plus tôt, Elena Dementieva pral rankontre Oustralienne Samantha Stosur.

XS
SM
MD
LG