Ayiti: apre Chanm Depite a fin vote anfavè yon salè minimum 125 goud pou travayè faktori yo, sektè patwonal la ap tann kounye a pou Sena a pwononse l sou dosye a. George Sassine, ki alatèt Asosyasyon Endistri d Ayiti, di Lavwadlamerik yon vòt negatif nan Sena a tap lakòz salè ouvriye yo retounen nan 70 goud.
Pandansetan, pami sektè ki tap manifeste anfavè salè minimum 200 goud la, se desepsyon ak...reziyasyon. Koute deklarasyon ki fèt apremidi a nan mikwo Lavwadlamerik. Fè klik sou ralonj ki anwo,a dwat paj la.