Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA Sou Preparasyon pou Siklòn ann Ayiti


Zafè siklòn ak move tan rete toujou yon sousi pou anpil peyi espesyalman pou ti peyi tankou Ayiti ki viktim prèske chak ane anba tanpèt twopikal , ouragan , inondasyon , glisman teren ki kon pran lavi kretyen vivan ak zannimo , kraze plantasyon e fè anpil dega nan anviwonman an.

Jounen jodi a responsab ayisyen yo ak lòt oganizasyon umanitè kap evolue nan peyi a ap miltipliye demach e adopte mezi pou limite dega ki ka fèt si yon siklòn ta pase sou peyi a . Plizyè Siklòn (Ana , Bill , Claudette… ) gentan ap defile nan lòd alfabè a san yo poko fè dega .

Nan lide pou ede oditè yo gen plis enfòmasyon e motive responsab yo pandan sezon siklòn nan, Sèvis Kreyòl Lavvwad’Lamerik la fè diskisyon sou preparasyon pou siklòn nan pwogram Lib Tribin li an “Dyaloge ak Etazini”. Envite nan pwogram sa-a pou reponn kesyon oditè yo se doktè Michaelle Amédée Gédéon, prezidan Sosyete Kwa Wouj Ayisyèn ak Marcelin Esterlin , previzyonis nan Sant Nasyonal Meteo Ayiti a. Animatè pwogram nan se Marie-Luce Pierre avèk Chérubin Dorcil.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat atik la pou ou koute pwogram lib tribin sa a.

XS
SM
MD
LG