Accessibility links

Breaking News

Yon Kourè Maroken Teste Pozitif nan Bèlen


Atletisme/ Dopaj

Mondyal Atletism-nan kap dewoule nan vil Berlen ann Almay . Federasyon Entènasyonal Atletism-nan anonse mèkredi 19 Out la tout kourè nan kategori 100 mèt teste negatif pou dopaj. Jiskaprezan se sèl kourè mawoken ( kategori 3000 mèt) steeple chase-la ) Jamal Chatbi ki teste pozitif juskaprezan sou 600 tès ki fèt .

Foutbòl / Eròp

Nap kòmanse ak foutbòl nan okazyon match baraj ale Lig Chanpyon ewopeyen-an . Genyen plizyè match ki te jwe madi 18 Out la , men nap baw sèlman rezulta 2 rankont far-yo . Celtic Glasgow(ekòs) tonbe devan Arsenal 0-2 . Epi Sporting Pòtugal fè match nul 2-2 aK Fiorentina, yon klub italyen. Match retou-yo fikse pou 26 Out.

Foutbòl/ KONKAKAF

Klub Onduryen CD Marathon danse sou DC United 3 a 1 nan group B Lig chanpyon KONKAKAF la. Puma ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Communicaciones de Gwatemala nan group D a epi Colombus Crew kale Puerto Riko Islanders 2 a 0 nan group C a

Tennis

Nan tounwa tenis feminen kap dewoule nan Toronto-a( O Kanada ) , vedèt amerikèn Venus Williams elimine . Li tonbe an 3 sèt 6-1, 7-6, 6-4 devan ukrenyèn Kateryna Bondarenko. Nan lòt match ki te dewoule nan Koup Rogers sa-a , Victoria Azarenka ( 9) moun peyi Belarus elimine chinwaz Peng Shuai an 2 p’ti sèt :6-3, 6-3. Ansyen chanpyon US Open e tèt de seri numewo 11 , sèb Ana Ivanovic kale slovak n Magdalena Rybarikova an 3 sèt , 2-6, 6-3, 6-2. Epi Italyèn Flavia Pennetta(12) elimine rus Maria Kirilenko, 6-3, 6-3.Lòt kalifye ankò se slovak Dominika Cilbulkova , Shahar Peer, moun peyi Izraèl.

Tenis kay mesye-yo . Nan tounwa dè mèt Cincinnati-a nan Ohio , ostralyen Lleyton Hewitt elimine suedwa Robin Soderling an 3 sèt :3-6, 7-6, 6-4 pou-l pase pou 2e tou . Soderling, tèt de seri numewo 12 ap rejwenn lòt kalifye tankou , Fernando Verdasco, Tomas Berdych ,Mikhail Youzhny, Jurgen Melzer ,Chris Guccione ak Andreas Seppi.

XS
SM
MD
LG